"Anverite, Allah renmen lè moun aksepte fasilite Li yo, menm jan Li renmen lè moun akonpli kòmandman fèm Li yo."
Daprè Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«An verite, Allah renmen lè yo aji daprè fasilite Li yo, menm jan Li renmen lè yo aji daprè kòmandman fèm Li yo.»
«إِنَّ اللَّهَ يُحِبُّ أَنْ تُؤْتَى رُخَصُهُ، كَمَا يُحِبُّ أَنْ تُؤْتَى عَزَائِمُهُ».
Pwofèt la (Se pou lapè ak benefiksyon Allah kouvril) fè konnen Allah apresye lè kwayan yo pwofite alèjman legal (sa Li rann fasil) Li preskri yo; sa manifeste nan fòm fasilite nan lwa yo ak nan pratik adorasyon yo pou soulaje moun ki responsab yo lè gen yon rezon valab: tankou rakousi ak rasanble lapriyè yo pandan vwayaj. Epitou, Li renmen tou pou yo respekte obligasyon fèm Li yo, ki se bagay ki obligatwa yo; paske lòd Allah yo, kit se nan alèjman oswa nan obligasyon fèm yo, yo gen menm valè (yo soti nan menm sous la).
...:
Mizèrikòd Allah, Toupwisan an, pou sèvitè li yo, epi Vrèman Li menm, Sila ki glorifye a, renmen lè yo pratike sa Li preskri pami fasilitasyon yo.
Lalwa (Chari'a) sa a pafè, epi li retire tout fado sou Mizilman an.
Sahih Ibn Hibban (2/ 69) (354).
Plis (2)
فيض القدير (2/292).
نيل الأوطار (3/244).