Skip to content

Kisa ou panse, si mwen fè lapriyè obligatwa yo, epi mwen fè jèn nan mwa Ramadan, epi mwen fè sa ki pèmèt (Halal) yo, epi mwen evite sa ki entèdi (Haram) yo

Daprè Jabir, ke Allah satisfè avèk li:

Yon mesye te mande Mesaje Allah la (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li di: "Kisa ou panse, si mwen akonpli Lapriyè obligatwa yo, mwen jene Ramadan, mwen pratike sa ki Halal, epi mwen evite sa ki Haram, epi mwen pa ajoute anyen sou sa, èske map antre nan Paradi?" Li reponn: «Wi». Li di: "Pa Allah, mwen pap ajoute anyen sou sa."

أَنَّ رَجُلًا سَأَلَ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَقَالَ: أَرَأَيْتَ إِذَا صَلَّيْتُ الصَّلَوَاتِ الْمَكْتُوبَاتِ، وَصُمْتُ رَمَضَانَ، وَأَحْلَلْتُ الْحَلَالَ، وَحَرَّمْتُ الْحَرَامَ، وَلَمْ أَزِدْ عَلَى ذَلِكَ شَيْئًا، أَأَدْخُلُ الْجَنَّةَ؟ قَالَ: «نَعَمْ»، قَالَ: وَاللهِ لَا أَزِيدُ عَلَى ذَلِكَ شَيْئًا.

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) esplike ke moun ki akonpli 5 priyè obligatwa yo epi ki pa ajoute anyen anplis sou yo kòm priyè volontè (nawafil), ki jene Ramadan epi ki pa fè lòt jèn volontè, ki kwè sa ki licit (halal) pèmèt epi li fèl,epi ki kwè sa ki ilicit (haram) entèdi epi li evitel lap antre nan Paradi.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Mizilman an dwe chèche ak tout kè li fè sa ki obligatwa (fara'id) epi evite sa ki entèdi (muharramat), ak objektif final pou li antre nan Paradi a.

Enpòtans pou moun fè sa ki pèmèt (halal) epi kwè ke li pèmèt, epi konsidere kòm bagay ki entèdi sa ki Aranm (Haram) epi kwè ke li entèdi.

Fè obligasyon yo epi kite bagay ki entèdi yo se yon kòz pou antre nan Paradi.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 44) (15).

Plis (3)

جامع العلوم والحكم (1/513).

شرح الأربعين النووية للعثيمين (ص: 215).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين للعباد (ص 77).