Egzanp kwayan yo nan fason yo renmen youn lòt, gen pitye (mizèrikòd) youn pou lòt, epi pote soutyen youn bay lòt, se tankou yon sèl kò: si yon pati nan kò a ap soufri, tout rès kò a santi doulè a nan paka dòmi epi nan fè lafyèv.
Bò kote Nou'man ibn Bashir (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Egzanp kwayan yo nan jan yo gen renmen, konpasyon, ak fèmte younn pou lòt, se tankou yon sèl kò. Depi yon sèl manm nan kò a ap soufri, tout rès kò a santi doulè a, sa fè tout kò a rete veye epi li pran lafyèv»
«مَثَلُ الْمُؤْمِنِينَ فِي تَوَادِّهِمْ وَتَرَاحُمِهِمْ وَتَعَاطُفِهِمْ مَثَلُ الْجَسَدِ، إِذَا اشْتَكَى مِنْهُ عُضْوٌ تَدَاعَى لَهُ سَائِرُ الْجَسَدِ بِالسَّهَرِ وَالْحُمَّى».
Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) fè konnen aklè ke jan mizilman yo dwe ye younn ak lòt nan zafè renmen sa ki byen, gen konpasyon, bay èd ak pote sekou, epi santi doulè pou nenpòt mal ki rive yo, yo dwe tankou yon sèl kò. Depi yon sèl manm nan kò a malad, tout rès kò a santi doulè a, sa fè tout kò a rete veye epi li pran lafyèv.
...:
Li nesesè pou bay dwa mizilman yo anpil valè (respè), ankouraje yo pou yo ede youn lòt, epi trete youn lòt ak bon kè ansanm ak dousè.
Fòk genyen lanmou ansanm ak soutyen (solidarite) ant moun ki gen lafwa yo
Sahih Al-Bukhari (8/ 10) (6011).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1999) (2586).
Plis (9)
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
مجموعة من الباحثين (1/ 246).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 317).
كنوز رياض الصالحين.
مجموعة من الباحثين (4/ 405).
تطريز رياض الصالحين.
لفيصل آل مبارك (ص173).
المعجم الوسيط (1/ 492).