Nenpòt moun ki goumen pou fè pawòl Allah a vini pi wo a, li nan chemen Allah.
Daprè Abou Mousa (ke Allah satisfè avèk li), li te di:
Yo te mande Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) konsènan yon nonm kap batay pou montre kouraj li, kap batay pou fyète li, epi kap batay pou moun ka wèl: kilès nan yo ki nan chemen Allah a? Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te reponn: «Nenpòt moun ki batay pou pawòl Allah a kapab rete pi wo a, se li menm ki nan chemen Allah a.»
سُئِلَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ عَنِ الرَّجُلِ يُقَاتِلُ شَجَاعَةً، وَيُقَاتِلُ حَمِيَّةً، وَيُقَاتِلُ رِيَاءً، أَيُّ ذَلِكَ فِي سَبِيلِ اللهِ؟ فَقَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «مَنْ قَاتَلَ لِتَكُونَ كَلِمَةُ اللهِ هِيَ الْعُلْيَا، فَهُوَ فِي سَبِيلِ اللهِ».
Yo te poze Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) kesyon konsènan diferan entansyon moun kap konbat yo; pami yon moun ki konbat pou kouraj oswa pou fyète, oswa pou moun yo ka wè pozisyon li, oswa pou lòt rezon ankò, kilès nan yo ki nan chemen Allah? Konsa, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke moun kap batay nan chemen Allah a se: moun ki batay pou pawòl Allah a se li ki pi wo a.
Fondasyon, baz ki detèmine si zèv yo bon, valab osinon si yo gate, anile, se entansyon (Niyyah) an ak senserite nan akonpli zèv la pou Allah.
Si entansyon Jihad la se pou leve pawòl Allah a byen wo, epi yon lòt entansyon ki lejitim vin atache avèk li, tankou jwenn rekonpans nan byen lagè you , sa pa afekte baz entansyon an.
Defann peyi yo ak sa ki sakre yo kont lènmi fè pati konba nan chemen Allah.
Tout gwo merit ak rekonpans yo mansyone pou moun kap goumen yo (moujahidin yo) rezève sèlman pou moun ki batay pou pawòl Allah ki Pi Wo a ka domine.
Sahih Al-Bukhari (9/ 136) (7458).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1513) (1904).
Plis (4)
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
لعبد الله البسام (ص753).
الإعلام بفوائد عمدة الأحكام.
لابن الملقن (10/ 380).