Skip to content

Moun ki revòlte kont otorite a, ki separe kò li ak kominote a epi ki mouri nan kondisyon sa a, li mouri menm jan ak moun ki te nan fènwa liyorans lan.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

Moun ki revòlte kont otorite a, ki separe kòl ak kominote a epi ki mouri nan kondisyon sa a, li mouri menm jan ak moun ki te nan fènwa liyorans lan. Nenpòt moun tou ki goumen anba yon drapo avèg (pou yon kòz ki pa klè), ki fache sèlman pou enterè tribi li, kap fè pwopagann pou fanatik/tribilis, oswa kap soutni pwòp gwoup pal (nan lenjistis), si yo touyel, li mouri yon lanmò liyorans. Epi, nenpòt moun ki revòlte kont kominotem lan , kap frape ni bon moun yo ni moun kap fè mechanste yo, san li pa respekte kwayan yo, epi san li pa kenbe pwomès li te fè moun li te siyen kontra ak yo, moun sa a pa avèm, epi mwen menm tou, mwen pa avèk li.

«مَنْ ‌خَرَجَ ‌مِنَ ‌الطَّاعَةِ، وَفَارَقَ الْجَمَاعَةَ فَمَاتَ، مَاتَ مِيتَةً جَاهِلِيَّةً، وَمَنْ قَاتَلَ تَحْتَ رَايَةٍ عِمِّيَّةٍ، يَغْضَبُ لِعَصَبَةٍ، أَوْ يَدْعُو إِلَى عَصَبَةٍ، أَوْ يَنْصُرُ عَصَبَةً، فَقُتِلَ، فَقِتْلَةٌ جَاهِلِيَّةٌ، وَمَنْ خَرَجَ عَلَى أُمَّتِي، يَضْرِبُ بَرَّهَا وَفَاجِرَهَا، وَلَا يَتَحَاشَى مِنْ مُؤْمِنِهَا، وَلَا يَفِي لِذِي عَهْدٍ عَهْدَهُ، فَلَيْسَ مِنِّي وَلَسْتُ مِنْهُ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen nenpòt moun ki vire do bay obeyisans moun ki gen otorite yo, ki separe kòl ak kominote Islamik la ki te dakò sou yon sèl lidè (imam, dirijan yo), epi ki mouri nan eta sa a kote li te mete kò li apa epi li tap dezobeyi, lap mouri menm jan ak moun nan epòk liyorans lan (Jahiliyah). Moun sa yo pat konn obeyi okenn lidè, ni yo pat konn rasanble anba yon sèl kominote; okontrè, yo te divize an plizyè gwoup ak tèt an gwoup kap fè lagè youn kont lòt. Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen tou, nenpòt moun ki goumen anba yon banyè kote ki enposib pouw di ki kote laverite ye epi ki kote manti ye, kap pran kòlè ak goumen tou senpleman ak yon lespri patizan avèg pou fanmil oswa pou tribil, san se pa pou defann relijyon an ni laverite, konsa li ap mennen yon konba ki baze sou inyorans; si yo touyel nan eta sa a, li mouri menm jan ak moun nan epòk jaliyid la Epi nenpòt moun ki leve kont nasyon Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), kap frape moun ki bon yo ansanm ak moun kap fè mechanste yo, san li pa bay anyen enpòtans nan sa lap fè a, san li pa pè okenn pinisyon pou touye yon moun ki kwè, san li pa respekte akò ni trete moun ki gen kontra yo (tankou moun ki pa Mizilman yo oswa moun ki gen otorite yo) men pito ap vyole yo, sa a se youn nan pi gwo peche yo , epi nenpòt moun ki fè sa, li merite avètisman grav sa a.

Siyifikasyon mo yo

جَاهلية: منسوبة إِلى: الجهل، والمراد به: من مات على الكفر قبل الإسلام.

عِمِّية: الأمر الأعمى، أي الذي لا يستبين وجهه.

لعَصَبة: عصبة الرجل أقاربه من جهة الأب سموا بذلك؛ لأنهم يعصبونه ويعتصب بهم أي يحيطون به ويشتد بهم.

Pami benefis Hadith la

Obeyi moun ki gen otorite yo se yon obligasyon, toutotan sa pa nan fè peche kont Allah.

Gen yon avètisman sevè nan sa pou moun ki soti anba obeyisans Imam nan, epi ki separe ak kominote Mizilman yo; kidonk si li mouri nan eta sa a, li mouri sou chemen moun epòk inyorans yo.

Hadit la entèdi pou yon moun goumen ak yon lespri patizan avèg

Obligasyon pou respekte angajman.

Nan obeyisans ak nan rete kole ak kominote a, gen anpil benediksyon, sekirite, lapè nan tèt ou, ak yon bon sitiyasyon pou tout moun.

Entèdiksyon pou imite konpòtman moun nan epòk inyorans yo.

Lòd pou rete atache ak gwoup Mizilman yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan).

Plis (9)

شرح النووي على مسلم (12/ 238).

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

للبسام (6/ 179).

سبل السلام.

لمحمد الصنعاني (2/ 374).

منحة العلام شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (8/ 338).

مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.

لعلي القاري (6/ 2395).