Anverite, Allah bay moun ki fè enjistis la delè, jiskaske lè Li kenbel, Li pap lagel.
Daprè Abou Mousa (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«An verite, Allah bay moun ki fè enjistis la yon delè, jiskaske lè Li pinil Li pap kitel chape.» Li di: Aprèsa, li li: «{Epi se konsa chatiman Seyè ou la ye lè Li pini vil yo pandan yap fè enjistis. An verite, chatiman Li a fè mal anpil epi li rèd.} [Houd: 102]»
«إِنَّ اللهَ لَيُمْلِي لِلظَّالِمِ، حَتَّى إِذَا أَخَذَهُ لَمْ يُفْلِتْهُ» قَالَ: ثُمَّ قَرَأَ: «{وَكَذَلِكَ أَخْذُ رَبِّكَ إِذَا أَخَذَ الْقُرَى وَهِيَ ظَالِمَةٌ إِنَّ أَخْذَهُ أَلِيمٌ شَدِيدٌ}[هود: 102]»
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) avèti kont pèsiste nan enjistis nan fè peche yo ak Chirk (bay Allah asosye), ansanm ak fè moun enjistis nan dwa yo. Paske sètènman, Allah (ki gen tout pouvwa a) bay moun kap fè enjistis la tan, Li bal delè epi Li pwolonje lavi li ansanm ak richès li; konsa Li pa prese ba li pinisyon an. Men, si li pa repanti, Lap kenbel, Li pap lagel ni Li pap kite li ale, poutèt kantite enjistis li fè yo. Aprèsa li (lapè ak benediksyon Allah sou li) li: {E se konsa chatiman Senyè ou la ye lè Li pini site yo pandan yap fè lenjistis. Sètènman, chatiman Li a douloure epi li sevè.} [Hud: 102].
...:
Devwa yon moun ki gen bon konprann se pou li prese fè yon repantans, epi pou li pa santi li an sekirite anba plan Allah a si lap pèsiste nan fè enjistis.
Lefètke Allah, ki gen tout pouvwa a, bay moun ki enjis yo yon delè epi Li pa prese ba yo pinisyon an, sa se yon fason pou atire yo piti piti nan pèdisyon epi pou miltipliye chatiman an pou yo, si yo pa repanti.
Enjistis se youn nan kòz pinisyon Allah pou nasyon yo.
Si Allah detwi yon vil, ka gen moun ki te fè sa ki bon ladan li, konsa moun sa yo ap leve vivan nan Jou Jijman an nan menm eta yo te mouri a nan fè sa ki bon, epi sa pap fè yo mal lefètke chatiman an te tonbe sou yo tou.
Sahih Al-Bukhari (6/ 74) (4686).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1997) (2583).
Plis (10)
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 496).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 303).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمصطفى الخِن وغيره (1/ 231).
تطريز رياض الصالحين.
لفيصل آل مبارك (ص165).
مرقاة المفاتيح.
علي القاري (8/ 3200).