Skip to content

Lafwa nan kè youn nan nou ka chire menm jan yon rad ki fin itilize; se poutèt sa, mande Allah pou Li renouvle lafwa a nan kè nou.

Daprè Abdullah ibn Amr ibn al-As (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

Lafwa nan kè youn nan nou ka chire menm jan yon rad ki fin itilize; se poutèt sa, mande Allah pou Li renouvle lafwa a nan kè nou.

«إِنَّ الْإِيمَانَ لَيَخْلَقُ فِي جَوْفِ أَحَدِكُمْ كَمَا يَخْلَقُ الثَّوْبُ الْخَلِقُ، فَاسْأَلُوا اللَّهَ أَنْ يُجَدِّدَ الْإِيمَانَ فِي قُلُوبِكُمْ».

Rapòte pa Al-Hakim ak Al-Tabarani
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la — benediksyon ak lapè Allah sou li — fè konnen ke lafwa ize nan kè Mizilman an epi li febli, tankou yon rad nèf ki ize lè yo itilizel pandan lontan; Sa se akòz feblès (mank devouman) nan adorasyon, oswa fè peche epi plonje nan move dezi (pasyon). Konsa, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te gide nou pou nou priye Allah (Trèwo a) pou Li renouvle lafwa nou, nan akonpli devwa obligatwa yo, nan miltipliye envokasyon yo, epi nan mande padon.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Ankourajman pou sipliye Allah pou pèseverans ak renouvèlman lafwa a nan kè a.

Lafwa a se yon konbinezon ant pawòl, aksyon, ak konviksyon; li ogmante atravè obeyisans epi li diminye atravè dezobeyisans.

Referans yo.
Plis (7)

المستدرك على الصحيحين للحاكم (1/ 45) (5).

المعجم الكبير للطبراني (13/ 36) (84).

النهاية في غريب الحديث والأثر.

ص(282).

النهاية (1/316).

فيض القدير (2/323).

التنوير شرح الجامع الصغير (3/434).