Anverite, Allah pral sove yon mesye pami kominote mwen an devan tout kreyati yo nan Jou Rezirèksyon an.
Daprè Abdullah ibn Amr ibn al-As (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
« Allah pral distenge (sove,libere) yon Mesye ,(yon gason) nan kominotem nan devan tout kreyati yo jou Jijman an. Lap dewoule 99 rejis devan li, chak rejis long tankou distans zye ka wè. Aprèsa , Allah ap mande li: "Èskèw demanti anyen nan sa yo? Èske zanj ki ekri aksyon ou yo te fèw enjistis?" Mesye a nan ap reponn: "Non, Seyè." Allah ap mandel: "Èskew gen nenpòt eskiz?" Lap reponn: "Non, Seyè." Lè sa a, Allah ap dil : "Wi, ou gen yon bon aksyon bò kote nou, epi jodi a ou pap sibi okenn enjistis." Yo pral soti yon ti kat ki gen ekri ladan li: Mwen temwaye pa gen lòt dye eksepte Allah, epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè li ak Mesaje li. Allah ap di: "Prezante pou yo peze aksyon ou yo." Mesye a ap di: "Seyè, kisa ti kat sa a ye devan tout rejis sa yo?" Senyè toupwisan an ap reponn: "Wap jwenn jistis." Yo pral mete rejis yo nan yon bò balans lan, epi ti kat la nan lòt bò a. Rejis yo pral vole anlè (yo pral vin pi lejè), epi ti kat la pral peze pi lou, paske pa gen anyen ki pi lou pase non Allah. »
«إِنَّ اللهَ سَيُخَلِّصُ رَجُلًا مِنْ أُمَّتِي عَلَى رُءُوسِ الْخَلَائِقِ يَوْمَ الْقِيَامَةِ، فَيَنْشُرُ عَلَيْهِ تِسْعَةً وَتِسْعِينَ سِجِلًّا، كُلُّ سِجِلٍّ مِثْلُ مَدِّ الْبَصَرِ، ثُمَّ يَقُولُ: أَتُنْكِرُ مِنْ هَذَا شَيْئًا؟ أَظَلَمَكَ كَتَبَتِي الْحَافِظُونَ؟ فَيَقُولُ: لَا يَا رَبِّ، فَيَقُولُ: أَفَلَكَ عُذْرٌ؟ فَيَقُولُ: لَا يَا رَبِّ، فَيَقُولُ: بَلَى إِنَّ لَكَ عِنْدَنَا حَسَنَةً، فَإِنَّهُ لَا ظُلْمَ عَلَيْكَ الْيَوْمَ، فَتُخْرَجُ بِطَاقَةٌ فِيهَا: أَشْهَدُ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَأَشْهَدُ أَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُولُهُ، فَيَقُولُ: احْضُرْ وَزْنَكَ، فَيَقُولُ: يَا رَبِّ مَا هَذِهِ الْبِطَاقَةُ مَعَ هَذِهِ السِّجِلَّاتِ؟ فَقَالَ: إِنَّكَ لَا تُظْلَمُ، قَالَ: فَتُوضَعُ السِّجِلَّاتُ فِي كِفَّةٍ، وَالْبِطَاقَةُ فِي كِفَّةٍ، فَطَاشَتِ السِّجِلَّاتُ، وَثَقُلَتِ الْبِطَاقَةُ، فَلَا يَثْقُلُ مَعَ اسْمِ اللهِ شَيْءٌ».
Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke Allah ap chwazi youn nan kominote li a devan tout kreyati yo nan Jou Rezirèksyon an, yap rele li pou li rann kont, epi lap prezante devan li katrevendiznèf (99) rejis ki se paj move aksyon li te konn fè nan lavi sou tè sa a, epi longè chak rejis se tankou distans zye ka rive wè, Aprèsa Allah ki gen pouvwa ak grandè a di nonm sa a: Èske ou nye nenpòt bagay nan sa ki ekri nan rejis sa yo? Èske zanj mwen yo ki gen responsabilite pou konsève epi ekri yo te fèw enjistis? Epi nonm lan di: Non, O Senyè. Epi Allah (Al-Azzu wa Jal) ap mandel: 'Èskew gen nenpòt eskiz pou jistifye aksyon ou te fè nan mond lan? Èske se te , pa erè, oswa pa inyorans?' Epi nonm lan di: Non, O Mèt mwen, mwen pa gen eskiz. Lè sa a, Allah ki gen tout pouvwa a di: Wi, an verite, ou gen yon bon zèv bò kote nou, epi ou pap sibi okenn enjistis jodi a. Li di: Lè sa a, lap fè soti yon kat ki gen ekri ladan l: Mwen temwaye pa gen lòt dye pase Allah sèlman, epi mwen temwaye ke Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li. Lè sa a, Allah, Li menm ki gen tout pouvwa ak tout glwa a, di nonm sa a: Pote balans ou. Epi nonm nan ap di avèk etònman: 'Seyè! Ki pwa ti kat sa a devan tout rejis sa yo?! Epi Allah, Sila a ki gen tout pouvwa a ak tout grandè a, di: Pa gen okenn enjistis kap fèt sou ou. Li di: Aprèsa, yo mete rejis yo nan yon plato balans lan, epi kat la nan lòt plato a; plato ki gen rejis yo vin lejè, epi plato ki gen kat la panche epi li vin pi lou, konsa Allah padone li.
...:
Grandè pawòl ki deklare Allah se yon sèl la: temwayaj "La ilaha illa Allah", ak pwa li nan balans lan.
Li pa sifi pou di: "La ilaha illa Allah" ak bouch sèlman, men li obligatwa pou konnen sans li epi aji daprè sa li egzije.
Senserite ak fòs nan rekonèt Allah sèl ki merite adorasyon se yon kòz pou efase peche yo.
Lafwa varye selon degre senserite ki nan kè yo, kidonk, gen kèk moun ki ka pwononse pawòl sa a, men yo jwenn pinisyon selon kantite peche yo.
Sounna At-Tirmidhi (4/ 379) (2639).
Sounna Ibn Majah (5/ 356) (4300).
Plis (3)
شرح المصابيح (6/49).
مرقاة المفاتيح (8/3531).
تحفة الأحوذي (7/ 330).