Skip to content

Yon mesye te vin jwenn Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li), epi li te pale ak li sou yon bagay, epi li di: "Sa Allah vle, epi sa ou vle." Epi Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li) te di: "Èske, fèm egal ak Allah? Di: Sa Allah vle Sèlman."

Bò kote Ibn Abbas, ke Allah satisfè avèk yo tou le 2:

Yon mesye te vin kot Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li), epi li te pale avèk li sou yon bagay, epi li di: "Sa Allah vle, epi sa ou vle." Epi Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li) te di: "Èske ou fèm tounen yon egal pou Allah? Di: Se sa Allah li menm sèl vle."

أَنَّ رَجُلًا أَتَى النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَكَلَّمَهُ فِي بَعْضِ الْأَمْرِ، فَقَالَ: مَا شَاءَ اللهُ وَشِئْتَ، فَقَالَ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «أَجَعَلْتَنِي لِلَّهِ عَدْلًا؟ قُلْ: مَا شَاءَ اللهُ وَحْدَهُ».

رواه ابن ماجه والنسائي في الكبرى وأحمد
Chenn transmisyon (Isnad) li a bon (Hasan)
Esplikasyon an

Yon mesye te vin jwenn Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li te pale avè li sou yon zafèl aprèsa li te di: "sa Allah vle, epi sa ou vle", Konsa, Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te repwochel pou pawòl sa a, epi li fè li konnen ke lye volonte kreyati a avèk volonte Allah pa mwayen mo ''ak'' la, se yon Ti Chirk li ye, li pa pèmèt pou yon Mizilman soti pawòl sa a nan bouch li, Aprèsa, li te gide li nan pawòl ki verite a: "Sa Allah vle Li menm sèl", konsa li mete Allah apa nan volonte Li, epi li pa makonnen volonte pèsonn avèk li sou okenn kalite fòm lyen.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Entèdiksyon pou di: "Sa Allah vle ak sa ou vle", ansanm ak lòt pawòl ki sanble ak sa kote yo lye volonte sèvitè a ak volonte Allah avèk mo "ak" (waw) la; paske sa se yon chirk minè.

Obligasyon pou rejete sa ki mal.

Mesaje Allah a (Lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te pwoteje kwayans pou adore Allah sèlman an (Tawhid), epi li te fèmen tout chemen ki mennen nan bay Allah Asosye.

Lè yap entèdi yon move zak, li bon pou oryante moun yap konseye a nan yon altènatif ki pèmèt, nan swiv bon egzanp Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li).

Fason yo konbine pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan adis sa a: «Sa Allah vle, Li menm sèl», ak pawòl li nan lòt adis la: «Di: Sa Allah vle, epi (aprèsa) sa ou vle», se ke lè yon moun di: «Sa Allah vle, epi (aprèsa) sa ou vle», sa pèmèt, men lè li di: «Sa Allah vle, Li menm sèl», sa pi bon.

Li pèmèt pouw di: «Sa Allah vle, epi (aprèsa) sa ou vle», men li pi bon pou di: «Sa Allah vle, Li menm sèl».

Referans yo.

As-sounna al-Kubra pa An-Nasa'i (9/ 362) (10759).

Sounna Ibn Majah (3/ 252) (2117).

Mousnad Ahmad (5/ 297) (3247).

Plis (6)

الجديد في شرح كتاب التوحيد.

لمحمد القرعاوي (ص373).

الملخص في شرح كتاب التوحيد.

لصالح الفوزان (ص335).

القول المفيد على كتاب التوحيد.

لابن عثيمين (2/ 230).