Skip to content

Yo te jwenn yon fanm mouri (yo te touye) nan youn nan batay Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), lè sa a Mesaje Bondye a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te kondane epi entèdi zak touye fanm ak timoun yo.

Bò kote Abdoullah ibn Omar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2):

Yo te jwenn yon fanm mouri (yo te touye) nan youn nan batay Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), lè sa a Mesaje Bondye a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te kondane epi entèdi zak touye fanm ak timoun yo.

أَنَّ امْرَأَةً وُجِدَتْ فِي بَعْضِ مَغَازِي النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ مَقْتُولَةً، فَأَنْكَرَ رَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ قَتْلَ النِّسَاءِ وَالصِّبْيَانِ.

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te wè yon fanm yo te touye nan youn nan batay yo, epi li te kondane zak touye fanm yo ak timoun piti yo ki poko rive nan laj pibète.

Pami benefis Hadith la

Moun ki pa patisipe nan konba pami fanm yo ak timoun yo, ak moun ki nan menm kategori ak yo pami granmoun ki fin pran laj yo ak mwàn yo, yo pa dwe touye yo, amwenske moun sa yo bay konsèy ak èd nan konbat Mizilman yo. Men si yo fè sa, yap touye yo.

Entèdiksyon pou touye fanm ak timoun yo; paske moun sa yo pa ap goumen kont Mizilman yo, epi objektif Jihād nan chemen Allah, Trèwo a, se kase fòs konbatan yo sèlman; pou mesaj laverite a kapab rive jwenn tout moun nèt.

Kè sansib espesyal (mizèrikòd) Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) menm nan batay yo ak lagè yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (4/ 61) (3014).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1364) (1744).

Plis (4)

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (2/ 189).

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص746).