Skip to content

Fè atansyon ak sispisyon(ak move panse), paske sispisyon se pawòl ki pi manti ki genyen.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Pran prekosyon nou ak sispisyon; paske sispisyon se pawòl ki gen plis manti ladan li, piga nou fouye nan zafè moun, piga nou espyone, pa fè jalouzi youn sou lòt, pa vire do bay youn lòt, pa rayi youn lòt, epi se pou nou, adoratè Allah yo, viv tankou frè.»

«إِيَّاكُمْ وَالظَّنَّ؛ فَإِنَّ الظَّنَّ أَكْذَبُ الْحَدِيثِ، وَلَا تَحَسَّسُوا، وَلَا تَجَسَّسُوا، وَلَا تَحَاسَدُوا، وَلَا تَدَابَرُوا، وَلَا تَبَاغَضُوا، وَكُونُوا عِبَادَ اللهِ إِخْوَانًا».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah a sou li) ap entèdi epi avèti kont kèk bagay ki ka lakòz divizyon ak lènmi nan mitan mizilman yo. Epi tou, pami bagay sa yo: (Move panse a) Se lè yon akizasyon vin chita nan fon kè yon moun san li pa gen okenn prèv, epi li (Pwofèt la) montre klè ke sa se pami pi gwo manti yon moun ka bay. Konsènan « al-tahassus » (chèche konnen): se chèche konnen defo moun ak zye an kachèt oswa ak zòrèy. Ak (Espyonaj): Se aksyon pou fè rechèch sou bagay ki kache yo, epi pi souvan yo di sa nan sa ki mal. Konsènan « al-hasad » (jalouzi): se lè yon moun rayi lèl wè yon lòt moun resevwa yon benediksyon oswa yon byen. Epi konsènan: (vire do bay youn lòt), se lè youn inyore lòt, kote li pa salye, ni li pa vizite frè Mizilman li a, Epi : (Rayi youn lòt), lahèn ak atitid ki repouse moun, tankou fè lòt moun mal, mare figi ak mal resevwa moun. Aprèsa, li te di yon pawòl konplè ki korije sitiyasyon Mizilman yo youn ak lòt: (Epi se pou nou, adoratè Allah yo, viv tankou frè) Fratènite se yon lyen ki ini relasyon ant moun yo, epi li ogmante lanmou ak amoni nan mitan yo.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Li pa yon mal pou gen move sispèk sou yon moun ki montre siy ki bay rezon pou sa, epi kwayan an dwe yon moun ki pridan ak entèlijan, ki pa kite moun ki mechan ak moun kap fè peche twonpe li.

Sa yo vle di a se avèti moun yo sou move panse ki chita nan kè a, ansanm ak lè moun nan pèsiste sou li. Men, kanta pou sak sèlman pase nan kè a epi ki pa rete chita, moun nan pa responsab pou sa.

Entèdi tout sa ki lakòz divizyon ak kase relasyon ant manm sosyete Mizilman an, tankou espyonaj, jalouzi, ak lòt bagay ki sanble ak yo.

Rekòmandasyon pou trete yon Mizilman tankou yon frè, nan ba li bon konsèy, epi nan gen lanmou ak afeksyon youn pou lòt.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 19) (6064).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1985) (2563).

Plis (6)

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (10/ 219).

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

للبسام (7/ 414).

فتح ذي الجلال والإكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (6/ 363).