Skip to content

Gen chèf (lidè) kap gen pou vini, nap wè yo fè bagay ki konfòm ak relijyon an (sa nou konnen ki bon) epi nap wè yo fè bagay ki kont relijyon an (sa nou konnen ki pa bon). Konsa, moun ki rekonèt sa ki mal la (epi li pa dakò avèl), li resi sove anba peche; epi moun ki konteste sa ki mal la, li sove nèt. Men, malè pou moun ki asepte (aksyon chèf sa yo) epi ki swiv yo.

Bò kote Oum Salama, Manman Kwayan yo (ke Allah satisfè avèk li): Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Ap genyen dirijan nap rekonèt (bon zak yo) epi nap dezapwouve (move zak yo), donk moun ki rekonèt sa ki mal la li inosan, epi moun ki dezapwouve li, li sove (li an sekirite), men moun kap peri a se moun ki dakò epi ki swiv yo» Yo di: Èske nou pa dwe goumen kont yo? Li di: «Non, toutotan yo fè lapriyè.»

«سَتَكُونُ أُمَرَاءُ فَتَعْرِفُونَ وَتُنْكِرُونَ، فَمَنْ عَرَفَ بَرِئَ، وَمَنْ أَنْكَرَ سَلِمَ، وَلَكِنْ مَنْ رَضِيَ وَتَابَعَ» قَالُوا: أَفَلَا نُقَاتِلُهُمْ؟ قَالَ: «لَا، مَا صَلَّوْا».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Li fè konnen (lapè ak benediksyon sou li) ke ap gen dirijan kap gouvène nou, nap rekonèt kèk nan aksyon yo; paske yo konfòm ak sa ki rekonèt nan lalwa a, epi nap rejte kèk ladan yo; paske yo kontrè ak sa, Kidonk, moun ki rayi sa ki mal nan kè li epi ki pa kapab rejete li; li libere anba peche ak ipokrizi, Epi moun ki kapab anpeche sa ak men oubyen ak lang, epi li anpeche yo fè sa, li sove anba dezobeyisans lan ak patisipe ladan li, Men, moun ki dakò ak aksyon yo, epi ki swiv yo ladan li, lap peri menm jan yo te peri a. Aprèsa , yo te mande Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li): «Èske nou pa dwe goumen kont dirijan yo ki gen kalite sa yo?» Epi li te entèdi yo fè sa, epi li di: «Non, toutotan yo etabli lapriyè pami nou.»

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Pami prèv pwofesi Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li), se lefèt ke li te konn bay nouvèl sou sa ki kache ki te gen pou rive nan lavni, epi yo vin fèt vre egzakteman jan li te fè konnen an.

Li pa pèmèt pou aksepte sa ki mal ni patisipe ladan li, epi li obligatwa pou rejetel.

Si dirijan yo fè sa ki kontrè ak lalwa (Chariya) a, enben, li pa pèmèt pou pèsonn obeyi yo nan sa.

Li pa pèmèt pou yo leve kont moun ki gen otorite mizilman yo; paske sa ap lakòz dega (kòripsyon), koule san, ak pèdi sekirite. Konsa, sipòte move zak chèf ki dezobeyisan yo, epi pran pasyans anba tò yo fè, se yon bagay ki mwens grav pase sa.

Priyè a se yon gwo zafè; se li ki fwontyè ant mekreyan yo ak Islam.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1480) (1854).

Plis (12)

المفهم لما أشكل من تلخيص كتاب مسلم (4/ 64).

البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (32/ 206).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 279).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل بن عبد العزيز المبارك (ص150).

الشرح الممتع على زاد المستقنع.

لابن عثيمين (11/ 323).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 435).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

مجموعة من الباحثين (1/ 211).