Pa gen kontajyon (ki transmèt poukont li san volonte Allah), pa gen sipèstisyon sou move chans, epi mwen renmen bon prezaj. » Yo te mande: « E kisa bon prezaj la ye? » Li te reponn: « Se bon pawòl la. »
Daprè Anas ibn Malik (se pou Allah satisfè ak li), ki rapòte Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
"«Pa gen maladi ki trape pou kont li, ni pa gen move presaj, epi mwen renmen bon presaj.» Yo te mande l: E kisa ki bon presaj la? Li reponn: «Yon bon pawòl»."
«لَا عَدْوَى، وَلَا طِيَرَةَ، وَيُعْجِبُنِي الْفَأْلُ» قَالَ قِيلَ: وَمَا الْفَأْلُ؟ قَالَ: «الْكَلِمَةُ الطَّيِّبَةُ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) ap fè konnen ke kwayans nan kontajyon moun nan epòk Inyorans (Jahiliyyah) yo te genyen an, kòmkwa maladi a transmèt pou kont li bay yon lòt moun san dekrè Allah a, se yon kwayans ki fo, Epi ke sipèstisyon sou move chans lan se yon bagay ki pa gen valè (ki fo); se lè yon moun wè move prezaj nan nenpòt bagay li tande oswa li wè, kit se nan zwazo, bèt, moun ki gen enfimite, nimewo, jou, oswa nenpòt lòt bagay konsa. Li mansyone zwazo a sèlman paske se te pratik ki te pi popilè nan epòk Djahiliya a. Orijin koutim sa a se te lage yon zwazo lè yon moun tap kòmanse yon zafè, tankou yon vwayaj, yon komès, oswa nenpòt lòt bagay. Si zwazo a te vole nan direksyon dwat, moun nan te wè sa kòm yon bon presaj epi li te kontinye ak sal te vle fè a; men si zwazo a te vole nan direksyon gòch, li te wè sa kòm yon move presaj epi li te renonse ak sal te vle fè a. Answit, li te fè konnen (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ke li te renmen bon presantiman, epi se sa ki rive yon moun nan lajwa ak kontantman ki sòti nan yon bon pawòl li tande, epi ki fè li gen bon panse pou Senyè li.
...:
Mete konfyans nan Allah, epi konnen ke pa gen pèsonn ki pote sa ki byen si se pa Allah, epi pa gen pèsonn ki anpeche sa ki mal si se pa Allah.
Entèdiksyon sou sipèstisyon (Tiyarah), ki se nenpòt bagay yon moun pran kòm yon move presaj (move siy), epi ki detounen li fè yon aksyon.
Bon prezaj la pa fè pati sipèstisyon sou move chans ki entèdi a; okontrè, li fè pati gen bon panse ak espwa pozitif anvè Allah ki Pi Wo a.
Tout sak rive, se daprè desizyon Allah pran depi davans, Li menm sèl, san okenn asosye.
Sahih Al-Bukhari (7/ 135) (5756).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1746) (2224).
Plis (10)
فتح المجيد شرح كتاب التوحيد.
لعبد الرحمن التميمي (ص310).
القول المفيد على كتاب التوحيد.
لابن عثيمين (1/ 570).
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
لصالح الفوزان (ص230).
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
لمحمد القرعاوي (ص255).
التمهيد لشرح كتاب التوحيد.
لصالح آل الشيخ (ص333).