Skip to content

Daprè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di konsènan Ansar yo(moun ka ede lòt moun) : Se sèlman moun ki gen lafwa ki renmen yo, epi se sèlman moun ki ipokrit ki pa renmen yo. Moun ki renmen yo, Allah renmen li, epi moun ki pa renmen yo, Allah pa renmen li.

Daprè Al-Bara' (ke Allah satisfè de li):

Daprè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di konsènan Ansar yo: «Se sèl moun ki gen lafwa ki renmen yo, epi se sèl ipokrit ki pa renmen yo. Moun ki renmen yo, Allah renmen li, epi moun ki pa renmen yo, Allah pa renmen li.»

عَنِ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ أَنَّهُ قَالَ فِي الْأَنْصَارِ: «لَا يُحِبُّهُمْ إِلَّا مُؤْمِنٌ، وَلَا يُبْغِضُهُمْ إِلَّا مُنَافِقٌ، مَنْ أَحَبَّهُمْ أَحَبَّهُ اللهُ وَمَنْ أَبْغَضَهُمْ أَبْغَضَهُ اللهُ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen lefètke yon moun renmen Ansar yo (moun kap ede lòt moun) pami moun Madinah yo, se yon siy ki montre lafwa a pafè; epi sa se poutèt yo te pran devan nan pote sipò bay Islam ansanm ak Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), ak efò yo te fè pou bay mizilman yo abri, epi pou jan yo te bay byen yo ansanm ak pwòp tèt yo nan chemen Allah, epi lefètke yon moun pa renmen yo se yon siy ipokrizi. Aprèsa, li (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te eksplike klèman ke nenpòt moun ki renmen Ansar yo, Allah renmen li, epi nenpòt moun ki rayi yo, Allah rayi li.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Nan sa a, gen yon gwo onè pou Ansar yo, paske lanmou pou yo se yon siy lafwa, epi yon liberasyon anba ipokrizi.

Renmen zanmi Allah yo epi soutni yo se yon rezon ki fè Allah renmen sèvitè a.

Merit tout premye moun ki te pran devan yo nan Islam.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (5/ 32) (3783).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 85) (75).

Plis (9)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 447).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص257).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (6/ 258).

شرح النووي على مسلم (2/ 63).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

مجموعة من الباحثين (1/ 350).