Si yo te bay moun sa yo mande sèlman sou baz reklamasyon yo, gen moun ki tap leve reklame byen (richès) lòt moun ansanm ak san yo (lavi yo), men prèv la se sou moun kap fè reklamasyon an li ye, epi sèman an se sou moun kap nye a (moun ki pa aksepte a).
Daprè Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Si yo te bay moun yo daprè reklamasyon yo, gen moun ki ta reklame byen lòt moun ak san yo (lavi yo), men prèv la se sou moun kap fè reklamasyon an, epi sèman an se sou moun kap nye a (moun yap akize a).»
«لَو يُعطَى النّاسُ بدَعواهُم لادَّعَى رِجالٌ أموالَ قَومٍ ودِماءَهُم، لَكِنَّ البَيِّنَةَ على المُدَّعِى، واليَمينَ على مَن أنكَرَ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te esplike ke si yo te bay moun sa yap mande sèlman sou baz reklamasyon yo san prèv ni endis, kèk moun tap reklame byen ak san lòt moun, men li obligatwa pou moun kap fè reklamasyon an prezante prèv ak agiman pou sa lap mande a. Epi si li pa gen prèv, yap prezante reklamasyon an bay moun yap akize a, si li nyel, li dwe fè sèman epi lap libere.
Ibn Daqiq al-Id te di: Adit sa a se yon prensip pami prensip lalwa relijye yo, epi li se pi gwo referans lan lè gen dezakò ak konfli.
Lalwa (Chari'a) vini pou pwoteje byen moun yo (richès yo) ak lavi yo kont manipilasyon.
Jij la pa bay desizyon baze sou pwòp konesans li, men pito li retounen nan prèv klè yo.
Nenpòt moun ki fè yon reklamasyon san prèv, yo rejte l; kit se nan zafè dwa ak tranzaksyon, oswa nan zafè lafwa ak konesans.
Plis (6)
السنن الكبرى للبيهقي تحقيق التركي (21/ 242 - 243) (21243).
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص76).
شرح الأربعين النووية.
لابن عثيمين (ص328).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.
لعبد المحسن البدر (ص114).