Skip to content

"Yon kwayan pa yon moun kap denigre moun, ni li pa yon moun kap modi moun, ni li pa yon moun ki endesan, ni li pa yon moun ki gen bouch sal."

Daprè Abdoullah ibn Mas'oud (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Yon kwayan se pa yon moun kap denigre moun, ni kap modi moun, ni kap di pawòl sal ni ki vilgè.»

«لَيْسَ الْمُؤْمِنُ بِالطَّعَّانِ وَلاَ اللَّعَّانِ وَلاَ الفَاحِشِ وَلاَ البَذِيءِ».

Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke yon kwayan ki gen lafwa konplè se pa yon moun kap denigre moun nan orijin yo, ni li pa yon moun kap joure anpil ak modi moun, ni li pa yon moun ki endesan nan aksyon li ni nan pawòl li, ki san wont.

Pami benefis Hadith la

Rejè (anilasyon) lafwa nan tèks relijye yo pa fèt san se pa pou yon zak ki entèdi (haram) yon moun komèt, oswa yon obligasyon (devwa) li neglije fè.

Ankourajman pou pwoteje manb kò yo epi prezève yo kont move zak, espesyalman lang lan.

Al-Sindi te di: Fòm egzajerasyon (anfaz) ki genyen nan mo (al-Ta'ān — gran kalonmyatè/kritikè, ak al-La'ān — gran madichonè) montre ke si yon moun ta fè yon kritik oswa bay yon madichon detanzantan (raman) kont yon moun ki vrèman merite sa, sa pa retire kalite ak karakteristik kwayan toutbon yo sou li.

Referans yo.

Sounna At-Tirmidhi (3/ 520) (1977).

Plis (2)

تحفة الأحوذي (6/ 95).

مجموع الفتاوى (12/ 478).