Skip to content

Pa gen okenn moun ki temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi ke Muhammad se mesaje Allah, ak tout senserite ki soti nan kè li, san ke Allah pa pwotejel kont dife lanfè a.

Daprè Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li:

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te monte sou yon bèt (chamo), epi Mu'adh te dèyè li. Pwofèt la di: "O Mu'adh ibn Jabal!" Mu'adh reponn: "Mwen la pou sèvi ou, O Mesaje Allah, epi mwen pare poum obeyi ou!" Pwofèt la repete: "O Mu'adh!" Li reponn: "Mwen la pou sèvi ou, O Mesaje Allah, e mwen pare poum obeyi ou!" (Sa te rive 3 fwa). Epi Pwofèt la di: "Pa gen pèsonn ki temwanye sensèman nan kè li ke pa gen lòt dye eksepte Allah e ke Muhammad se mesaje Allah a, san Allah pa entèdi dife lanfè a pou li." Mu'adh di: "O Mesaje Allah, èske mwen pa dwe anonse moun yo sa pou yo ka kontan?" Pwofèt la reponn: "Si ou fè sa, yap konte sou sa (yap sispann fè efò)." Aprèsa , Mu'adh te rakonte sa anvan li mouri, paske li te pè pou li pat kache yon konesans.

أَنَّ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ وَمُعَاذٌ رَدِيفُهُ عَلَى الرَّحْلِ قَالَ: «يَا مُعَاذُ بْنَ جَبَلٍ»، قَالَ: لَبَّيْكَ يَا رَسُولَ اللهِ وَسَعْدَيْكَ، قَالَ: «يَا مُعَاذُ»، قَالَ: لَبَّيْكَ يَا رَسُولَ اللهِ وَسَعْدَيْكَ، ثَلَاثًا، قَالَ: «مَا مِنْ أَحَدٍ يَشْهَدُ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللهِ صِدْقًا مِنْ قَلْبِهِ إِلَّا حَرَّمَهُ اللهُ عَلَى النَّارِ»، قَالَ: يَا رَسُولَ اللهِ، أَفَلَا أُخْبِرُ بِهِ النَّاسَ فَيَسْتَبْشِرُوا؟ قَالَ: «إِذًا يَتَّكِلُوا». وَأَخْبَرَ بِهَا مُعَاذٌ عِنْدَ مَوْتِهِ تَأَثُّمًا.

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Mu'adh ibn Jabal (ke Allah kontan avè l) te monte dèyè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou bèt li a. Pwofèt la te relel: "O Mu'adh?" epi li te repete apèl la 3 fwa; sa a se te pou mete aksan sou enpòtans gwo mesaj li ta pral ba li a. Nan tout apèl sa yo, Mu'adh (ke Allah kontan avè l) te reponn li: "Labbayka ya Rasoul Allah wa sa'adayk", sa vle di: "Mwen la poum reponn ou, O Mesaje Allah, youn aprè lòt, e mwen chèche bonè nan swiv lòd ou yo." Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fèl konnen ke pa gen pèsonn ki temwanye ke pa gen lòt dye eksepte Allah — sa vle di: pa gen okenn lòt moun ki merite adorasyon an verite eksepte Allah — e ke Muhammad se mesaje Allah a, avèk senserite nan kè li san li pa bay manti, si li mouri nan eta sa a, Allah ap entèdi dife lanfè a pou li. Epi Mou'adh (ke Allah satisfè avèk li) te mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li fè moun yo konnen sa, pou yo ka kontan epi resevwa bòn nouvèl? Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pè pou yo pat vin konte sèlman sou pawòl sa a (kòm yon garanti), epi pou yo pat diminye efò yo nan fè bon aksyon. Epi Mou'az pa te rapòte sa bay pèsonn, sòf anvan lanmò li; poutèt li te pè tonbe nan peche kache konesans.

Siyifikasyon mo yo

الرحل: ما يوضع على ظهر الدابة للركوب.

Pami benefis Hadith la

Imilite Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) lè li te pran Mu'adh avèl sou bèt li a.

Fason ansèyman Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), kote li te rele Mou'az plizyè fwa pou atire atansyon li sou sa li te pral di a.

Pami kondisyon temwayaj: ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon pase Allah, epi ke Muhammad se mesaje Allah, se pou moun kap dil la di laverite epi gen sètitid, san li pa bay manti oswa gen dout.

Moun ki kwè nan inisite Allah yo pap rete nan dife lanfè pou toutan, menm si yo ta antre ladan li akoz peche yo; yap fè yo soti ladan li aprè yo fin pirifye yo.

Merit 2 temwayaj yo pou moun ki dil avèk senserite.

Li pèmèt (li akseptab) pou yon moun evite pale de yon Hadith nan sèten sikonstans si sa ka lakòz yon move rezilta .

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 37) (128).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 61) (32).

Plis (5)

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين (1/ 377).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 487).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (6/ 496).