Skip to content

"An verite, Allah fè jalouzi, epi moun ki kwè a fè jalouzi, epi jalouzi Allah se lè moun ki kwè a fè sa Li entèdi pou li a."

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

"«An verite, Allah fè jalouzi, epi an verite, kwayan an fè jalouzi, epi jalouzi Allah se lè kwayan an komèt sa Li entèdi pou li a»."

«إِنَّ اللهَ يَغَارُ، وَإِنَّ الْمُؤْمِنَ يَغَارُ، وَغَيْرَةُ اللهِ أَنْ يَأْتِيَ الْمُؤْمِنُ مَا حَرَّمَ عَلَيْهِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke benediksyon ak lapè Allah sou li) fè konnen Allah gen jalouzi (pou diyitel), li rayi epil pa vle wè peche, menm jan yon kwayan gen jalouzi, li rayi epilnpa vle wè sa ki mal. Li fè konnen tou, rezon ki fè Allah gen jalouzi sa a, se lè yon kwayan fè sa Allah entèdi li fè, tankou move zak kap fèt nan kachèt yo (fònikasyon/adiltè, omoseksyalite, vòl, bwè alkòl ak lòt vye zak sal konsa).

Pami benefis Hadith la

Pran prekosyon ak kòlè Allah ak pinisyon Li lè yo vyole sa Li entèdi yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (7/ 35) (5223).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2114) (2761).

Plis (8)

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل المبارك (ص62).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (1/ 496).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 96).

صفات الله عز وجل الواردة في الكتاب والسنة.

لعلوي السَّقَّاف (ص267).