Skip to content

Mwen se Sila a ki pi pa bezwen okenn asosye. Nenpòt moun ki fè yon aksyon kote li asosye yon lòt avèk Mwen, Mwen abandone l ansanm ak sa li te asosye a.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

Allah, ki beni epi ki anwo nèt la, di: "Mwen se Sila a ki pi endepandan mwen pa bezwen okenn asosye. Nenpòt moun ki fè yon aksyon kote li asosye yon lòt ansanm avè m, Mwen abandone ni li menm, ni chirk li a (sa li asosye avè m nan).

«قال الله تبارك وتعالى: أنا أغنى الشركاء عن الشرك، من عمل عملًا أشرك فيه معي غيري، تركتُهُ وشركَهُ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke Allah (ki beni epi ki anwo nèt la) di: Li se Sila a ki pi endepandan pou pa bezwen okenn asosye, paske Li pa bezwen anyen ditou. Konsa, si yon moun fè yon bon aksyon (nan adorasyon yo) epi nan entansyon li fè la pou Allah ansanm ak yon lòt ki pa Allah; Allah ap abandone aksyon sa a, Li pap akseptel nan men li, epi lap voyel jete sou moun ki te fè l la. Se poutèt sa, li obligatwa pou nou gen senserite total nan aksyon nou yo pou Allah ki anwo nèt la, paske Li menm (Glwa pou Li) pa aksepte okenn aksyon eksepte sa ki fèt piman pou Li sèlman.

Siyifikasyon mo yo

.....:

Pami benefis Hadith la

Yon avètisman kont Chirk (asosye yon bagay ak Allah) nan tout fòm li yo; epi lefètke li se yon obstak ki anpeche bon aksyon yo aksepte.

Pran konsyans jan Allah gen tout richès epi jan Li gran anpil, sa fè pati sa ki ede yon moun travay ak yon kè ki sensè.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2289) (2985).

Plis (5)

شرح النووي على مسلم (18/ 115).

الملخص في شرح كتاب التوحيد.

لصالح الفوزان (ص287).

الجديد في شرح كتاب التوحيد.

لمحمد القرعاوي (ص325).