Pirifikasyon se mwatye lafwa, epi di 'Lwanj pou Allah' (Alhamdoulillah) ranpli balans lan. Epi di 'Glwa pou Allah " (Sobhanallah) ansanm ak 'Lwanj pou Allah' (Alhamdoulillah) ranpli tout espas ki genyen ant syèl la ak tè a.
Daprè Abu Malik al-Ash'ari, ke Allah satisfè avèk li, li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
"Pirifikasyon se mwatye lafwa, lwanj pou Allah ranpli balans lan, epi glwa pou Allah pansanm ak lwanj pou Allah ranpli tout espas ki genyen ant syèl la ak tè a. Lapriyè se yon limyè, charite se yon prèv, pasyans se yon klète, epi Koran an se yon agiman ki swa pou ou swa kont ou. Tout moun ap leve chak maten, yo swa yap vann tèt yo pou libere li, swa yap vann tèt yo pou pèd l."
«الطُّهُورُ شَطْرُ الْإِيمَانِ، وَالْحَمْدُ لِلهِ تَمْلَأُ الْمِيزَانَ، وَسُبْحَانَ اللهِ وَالْحَمْدُ لِلهِ تَمْلَآنِ -أَوْ تَمْلَأُ- مَا بَيْنَ السَّمَاوَاتِ وَالْأَرْضِ، وَالصَّلَاةُ نُورٌ، وَالصَّدَقَةُ بُرْهَانٌ، وَالصَّبْرُ ضِيَاءٌ، وَالْقُرْآنُ حُجَّةٌ لَكَ أَوْ عَلَيْكَ، كُلُّ النَّاسِ يَغْدُو، فَبَايِعٌ نَفْسَهُ فَمُعْتِقُهَا أَوْ مُوبِقُهَا».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen: pirifikasyon eksteryè a fèt pa mwayen woudou ak beny pirifikasyon, epi li se yon kondisyon nan lapriyè. "Epi fraz 'Lwanj pou Allah (Alhamdoulillah) ranpli balans lan', sa vle di fè lwanj pou Li (ki apa pou Li), epi dekri Li ak tout kalite pèfeksyon yo, yap peze yo nan jou jijman an, konsa yap ranpli balans aksyon yo." "Epi fraz 'Glwa pou Allah (Sobhanallah) ak lwanj pou Allah (Alhamdoulillah)' a, sa vle di retire tout defo nan men Li, dekri Li ak pèfeksyon total ki koresponn ak majeste Li, avèk lanmou ak respè pou Li, fraz sa yo ranpli tout sa ki genyen ant syèl la ak tè a." Epi ke "Lapriyè (As-Salat) se yon limyè" pou sèvitè a nan kè li, nan figi li, nan tonb li, epi nan rasanbleman li. Epi "Sadaka (Lacharite) se yon prèv" ak yon temwayaj ki montre senserite lafwa kwayan an, epi ki montre diferans ki genyen ant li menm ak ipokrit la ki refize bay li paske li pa kwè nan rekonpans yo pwomèt la. Epi fraz 'Pasyans se yon klète' ki vle di anpeche nanm nan tonbe nan dezespwa ak mekontantman , se yon limyè ki pote chalè ak boule an menm tan, menm jan ak limyè solèy la; paske li difisil epi li mande pou konbat tèt ou ak kontwole li kont sa li anvi. Konsa, moun ki gen pasyans lan rete toujou ap dirije pa limyè a, gide, epi li kontinye sou bon chemen an. Pasyans sa a se pasyans nan obeyi Allah ,pasyans pou evite dezobeyi Li, ak pasyans devan malè ak tout kalite bagay dezagreyab nan mond sa a. "Epi "Koran an se yon prèv pou ou" lè ou lil epi ou metel an pratik, oubyen yon "prèv kont ou" lè ou abandonel san ou pa pratikel ni lil." Aprèsa, li te fè konnen (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ke tout moun nèt ap fè efò epi yap gaye toupatou, yo leve sot nan dòmi yo, epi yo soti kite kay yo pou yal nan divès kalite travay yo, Pami yo gen moun ki rete dwat nan obeyi Allah, konsa li delivre nanm li anba dife a; epi gen lòt ki detounen sou chemen sa a epi tonbe nan peche, konsa li mennen nanm li nan pèdi lèl fè li antre nan dife a.
...:
Pwòpte (Pirifikasyon) gen 2 pati: Pwòpte sou deyò a, se pirifikasyon ki fèt ak Ti dlo (Woudou) ak Gwo dlo (Ghousl), epi Pwòpte anndan an, se pirifikasyon ki fèt ak Tawhid, Lafwa (Iman), ak bon zèv.
Enpòtans pou kenbe lapriyè a fèm, paske li se yon limyè pou sèvitè a nan lavi sa a ak nan Jou Jijman an.
Sadaka (Lacharite) se yon prèv ki montre lafwa a sensè toutbon.
Enpòtans pou mache ak Koran an nan jan wap viv chak jou epi kwè ladan li ak tout kèw, konsa lap ka yon prèv an favè w, e non pa kont ou.
Si ou pa okipe nanm ou ak obeyisans, lap okipew ak dezobeyisans.
Chak moun oblije fè zèv; kidonk, swa li libere tèt li ak obeyisans, oswa li detwi li ak dezobeyisans.
Pasyans mande pouw andire, konte sou Allah, epi li pote anpil difikilte."
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 203) (223).
Plis (4)
شرح الأربعين لابن دقيق العيد (ص 84).
شرح الأربعين النووية للعثيمين (ص: 231).
الرياض الزكية شرح الأربعين النووية للخضير (ص 293).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين للعباد (ص 79).
Cited in books
9 BooksPlis (8)
- رسالة في الأذكار1«الحَمْدُ لِلهِ تَمْلَأُ المِيزَانَ، وَسُبْحَانَ اللهِ وَالحَمْدُ لِلهِ تَمْلَآنِ -أَوْ تَمْلَأُ- مَا بَيْنَ السَّمَاوَاتِ وَالْأَرْضِ».
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 1 «الطُّهُورُ شَطْرُ الإِيمَان، وَالْحَمْدُ لله تَمْلأُ الْمِيزَانَ، وَسُبْحَانَ الله وَالْحَمْدُ لله تَمْلآنِ ــ أوْ تَمْلأُ ــ مَا بَيْنَ السَّمَاواتِ وَالأرْضِ، وَالصَّلاةُ نُورٌ، وَالصَّدَقَةُ بُرْهَانٌ، وَالصَّبْرُ ضِيَاءٌ، وَالْقُرْآنُ
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 7«الطُّهُورُ شطرُ الإيمانِ، والحمدُ للهِ تملأُ الميزانَ، وَسُبْحَانَ اللهِ، والحمدُ للهِ تملآن ــ أوْ تملأ ــ مَا بينَ السَّماواتِ والأرْضِ».
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (2)1«الصَّلَاةُ نُورٌ، وَالصَّدَقَةُ بُرْهَانٌ، وَالصَّبْرُ ضِيَاءٌ، وَالقُرْآنُ حُجَّةٌ لَكَ أَوْ عَلَيْكَ».
- مجموعة زاد الحديث(2)1«الطُّهُورُ شَطْرُ الْإِيمَانِ، وَالْحَمْدُ ﷲِ تَمْلَأُ الْمِيزَانَ، وَسُبْحَانَ الله وَالْحَمْدُ ﷲِ تَمْلَآَنِ -أَوْ تَمْلَأُ- مَا بَيْنَ السَّمَاوَاتِ وَالْأَرْضِ، وَالصَّلَاةُ نُورٌ، وَالصَّدَقَةُ بُرْهَانٌ، وَالصَّبْرُ ضِيَاءٌ، وَالْقُر
- مجموعة زاد الحديث(2)1(وَالْقُرْآنُ حُجَّةٌ لَكَ أَوْ عَلَيْكَ)
- محاضرات تعظيم قدر الصلاةمحاضرات في تعظيم قدر الصلاة"الطُّهُورُ شَطْرُ الْإِيمَانِ وَالْحَمْدُ لِلَّهِ تَمْلَأُ الْمِيزَانَ، وَسُبْحَانَ اللهِ وَالْحَمْدُ لِلَّهِ تَمْلَآَنِ - أَوْ تَمْلَأُ - مَا بَيْنَ السَّمَاوَاتِ وَالْأَرْضِ، وَالصَّلَاةُ نُورٌ، وَالصَّدَقَةُ بُرْهَانٌ وَالصَّبْرُ ضِيَاء
- موسوعة الإيمان«الطُّهُورُ شَطْرُ الْإِيمَانِ، وَالْحَمْدُ لِلَّهِ تَمْلَأُ الْمِيزَانَ...».