Tout bagay rive selon yon volont Mèt linivè a (desten), sa enkli ni feblès ni entelijans .
Bò kote Tawus, li te di: Mwen te rankontre kèk moun pami konpayon Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), yo tap di: Tout bagay fèt selon desten. Li te di: Epi mwen te tande Abdoullah ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2) ap di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Tout bagay fèt ak yon mezi ki byen kalkile (yon desten), menm enkapasite ak entèlijans, oswa entèlijans ak enkapasite.»
«كُلُّ شَيْءٍ بِقَدَرٍ، حَتَّى الْعَجْزِ وَالْكَيْسِ، أَوِ الْكَيْسِ وَالْعَجْزِ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te eksplike ke tout bagay fèt ak yon mezi ki byen kalkile (yon desten); Menm feblès , ki se: kite sa yon moun dwe fè, ranvwaye li pou aprè yon lòt tan, oswa anreta sou tan li, kit se pou zafè mond sa a kit se pou zafè lavi aprè lanmò a . Epi menm entèlijans lan (pridans), ki se: aktivite ak abilte nan zafè lavi sou tè sa a ak nan lavi kap vini an. Epi Vrèman vre, Allah ki gen tout pouvwa a te pran desizyon depi davans sou enkapasite ak kapasite, ansanm ak tout bagay; pa gen okenn bagay ki rive nan linivè a si se pa daprè konesans Allah ki te la anvan tout bagay, ansanm ak volonte li.
...:
Esplikasyon sou kwayans Konpanyon yo (se pou Allah satisfè ak yo) nan Desten.
Tout bagay rive daprè sa Allah deside, menm enkapasite ak enèji.
Verifikasyon ak prekosyon Konpayon yo (se pou Allah kontan ak yo) nan rapòte adis Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li).
Kwè nan desten (Qadar), kit li bon kit li move.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2045) (2655).
Plis (3)
إكمال المعلم (8/143).
شرح النووي على مسلم (16/205).
الفتح الرباني لترتيب مسند الإمام أحمد بن حنبل الشيباني (1/ 122).