Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

6 of 477 cards

Clear filters
«Tout bagay fèt ak yon mezi ki byen kalkile (yon desten), menm enkapasite ak entèlijans, oswa entèlijans ak enkapasite.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Lè Allah dekrete pou yon sèvitè mouri sou yon tè, Li fèl gen yon bezwen poul ale ladan li.»
Sahih Se At-Tirmidhi ki rapòte li
«O jenn gason! Mwen pral montrew kèk pawòl : Respekte dwa Allah, lap pwoteje ou, respekte dwa Allah, wap jwenn li bò kote ou, si ou mande, mande Allah, epi si ou mande èd, mande èd nan men Allah, epi konnen byen : Menmsi tout moun nan lemond ta mete tèt yo ansanm pou yo fè yon byen pou ou, yo pa tap ka fè anyen pou ou si se pa sa Allah te deja ekri pou ou. Konsa tou, si yo ta mete tèt yo ansanm pou yo fèw yon mal, yo pa tap janm ka fèw anyen si se pa sa Allah te deja deside ki tap rivew; plim yo deja leve, epi lank sou paj yo deja chèch.»
Sahih « At-Tirmidhi ak lòt moun te rapòte l. »
«Eprèv yo ap toujou kontinye frape kwayan an, gason kou fi, nan pwòp lavi li, nan pitit li ak nan byen li, jiskaske li rankontre Allah san pa gen okenn peche sou li.»
« Bon » ou « Byen » Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
Pwofèt la (ke Allah benil epi bal kè poze) te di tonton li: "Di: Pa gen lòt dye sanble ak Allah, map temwanye pou ou konsènan sa jou jijman an." Tonton an te reponn: "Si se pat paske Quraysh (kourlayich) yo ta pasem nan rizib, yap di se paske li te pè lanmò ki fèl di sa, mwen tap fè kèw kontan (nan fè saw mandem nan)." Epi Allah te revele vèsè sa a: "Vrèman vre, ou paka gide moun ou renmen an, men se Allah ki gide moun Li vle." [Al-Qasas: 56]
Sahih Rapòte pa Mouslim
Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te rakonte nou, e se li ki toujou di verite a epi se li moun kwè a: «Vrèman, yo rasanble kreyasyon chak moun nan nou nan vant manman li pandan 40 jou, aprèsa li tounen yon mòso san ki kole pandan menm kantite tan sa a, aprèsa li tounen yon mòso chè pandan menm kantite tan sa a. Aprèsa, yo voye zanj lan kot li epi li soufle nanm nan ladan li, epi yo ba li lòd sou 4 bagay: pou li ekri manje li, dat lanmò li, zèv li yo, epi si lap yon moun ki gen malè oswa yon moun ki byennere. Konsa, pa Sila a ki pa gen lòt Allah apa Li a, vrèman gen nan nou kap fè zèv moun Paradi yo jiskaske pa rete anyen ki separel ak Paradi a eksepte yon bra (distans), epi sa ki te ekri pou li a (desten li) pran devan li, konsa li fè zèv moun Lanfè yo epi li antre ladan li.E vrèman, gen nan nou kap fè zèv moun Lanfè yo jiskaske pa rete anyen ki separe l ak Lanfè a eksepte yon bra (distans), epi sa ki te ekri pou li a (desten li) pran devan li, konsa li fè zèv moun Paradi yo epi li antre ladan l.»
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim