Skip to content

السؤال

س33: اشرح هذه الأسماء.

Kesyon 33: Eksplike non sa yo.

الجواب

ج:الله: ومعناه الإله المعبود بحق، وحده لا شريك له.

  • الرب: أي الخالق والمالك الرازق والمدبر وحده سُبْحَانَهُ.
  • السميع: الذي وسع سمعه كل شيء، ويسمع كل الأصوات على اختلافها وتنوعها.
  • البصير: الذي يرى كل شيء، ويبصر كل شيء صغر أو كبر.
  • العليم: فهو الذي أحاط علمه بكل شيء بالماضي والحاضر والمستقبل.
  • الرحمن: الذي وسعت رحمته كل مخلوق وحي، فكل العباد والمخلوقات تحت رحمته.
  • الرزاق: الذي عليه رزق جميع المخلوقات من الإنس والجن وجميع الدواب.
  • الحي: الحي الذي لا يموت، وكل الخلق يموتون.
  • العظيم: الذي له الكمال كله والعظمة كلها في أسمائه وصفاته وأفعاله.
  • الحكيم: الذي أحكم خلقه، وأتقنه، وأحسنه، وله الحكمة في خلقه وأمره.
  • والحكمة: وضع الأشياء مواضعها، وتنزيلها منازلها.

Repons : "Allah: Sa vle di Senyè toupwisan an (Divinite) ki merite pou yo adore Li ak tout verite, Li sèl san Li pa gen asosye."

  • Mèt la (Senyè a): sa vle di se Li menm ki Kreyatè a, ak Mèt la, se Li ki bay tout sa nou bezwen poun viv (pwovizyon), epi se Li menm kap jere tout bagay poukont Li, ki gran anpil la.
  • As-Sami‘ (السميع): Sa ki tande tout bagay la. Se Li menm ki tande tout sa ki egziste nèt, epi Li tande tout son yo, kèlkeswa diferans yo ak divèsite yo.
  • Al-Basir (البصير): Sa ki wè tout bagay la. Se Li menm ki wè tout bagay, epi Li wè tout sa ki egziste, kit yo piti, kit yo gwo.
  • Sila ki konnen tout bagay la (Al-Alim): Li se sila ki anvlòpe tout bagay ak konesans li, nan tan lontan, nan tan prezan, ak nan tan kap vini an.
  • Ar-Rahman (الرحمن): Sila ki gen tout krentif la (oswa ki gen yon pitye ki san limit). "Se Li menm ki gen yon mizèrikòd ki kouvri tout kreyati ak tout sa ki vivan, konsa tout sèvitè yo ak tout kreyati yo anba mizèrikòd li."
  • Ar-Razaq (الرزاق): Se Li menm ki pran reskonsablite pou li bay tout kreyati yo sa yo bezwen pou yo viv (pwovizyon), kit se moun, djinn, ansanm ak tout bèt yo.
  • Sila ki toujou Vivan an: Se Senyè ki toujou Vivan an ki pap janm mouri a, epi tout kreyati yo ap mouri.
  • Al-Azim (العظيم): Sa ki gen tout grandè a. "Se Li menm ki gen tout pèfeksyon ak tout grandè nan non li yo, nan kalite li yo, ak nan aksyon li yo."
  • Al-Hakim (الحكيم): Sila ki gen bon konprann nan. Se Li menm ki fè kreyasyon Li a pafè, ki fè l ak presizyon, epi ki fè l nan pi bon fason an, epi Li gen yon bon konprann (sajès) nan sa Li kreye ak nan lòd Li bay.

Bon konprann lan se lè yon moun mete chak bagay nan plas kote yo dwe ye a, epi li bay chak moun oswa chak sitiyasyon valè ak nivo ki meritel la.