Skip to content

Nou santi nan kè nou kèk bagay (panse) ki tèlman gwo (kèk dout oswa vye panse), nou pa menm oze pale sou yo." [Pwofèt la] te mande: "Èske nou reyèlman santi sa?" Yo reponn: "Wi." Li di: "Sa a se prèv lafwa ki klè (lafwa ki sensè)."

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di:

Gen kèk nan konpayon Pwofèt la (ke Allah beni li epi bal kè poze) ki te vin jwenn li epi yo te mandel : "Nou santi nan tèt nou kèk bagay (panse) ki tèlman gwo (grav), nou pa menm oze pale de yo." Pwofèt la te mande: "Èske nou vrèman santi sa?" Yo reponn: "Wi." Li di: "Sa a se lafwa ki pi klè a (lafwa ki sensè)."

جَاءَ نَاسٌ مِنْ أَصْحَابِ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَسَأَلُوهُ: إِنَّا نَجِدُ فِي أَنْفُسِنَا مَا يَتَعَاظَمُ أَحَدُنَا أَنْ يَتَكَلَّمَ بِهِ، قَالَ: «وَقَدْ وَجَدْتُمُوهُ؟» قَالُوا: نَعَمْ، قَالَ: «ذَاكَ صَرِيحُ الْإِيمَانِ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Yon gwoup nan konpayon Pwofèt la (ke Allah benil epi bal kè poze) te vin jwenn li epi yo te mandel konsènan kèk bagay yo santi nan tèt yo, ki tèlman grav yo pa menm oze pale de yo akòz jan yo jije yo lèd epi jan sa repouse yo. Pwofèt la (ke Allah beni li epi bal kè poze) te di: "Sa nou santi a se prèv lafwa ak sètitid ki klè. Se li menm ki pouse nou rejte sa Satan ap jete nan kè nou, epi se li ki fè nou twouve li tèlman anbarasan pou nou ta menm pale de li. An verite, Satan poko rive pran kontwòl kè nou, kontrèman ak yon moun Satan deja fin metrize kè li epi ki pa menm santi bezwen pou li defann tèt li kont move panse sa yo."

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Eksplikasyon sou feblès Satan devan moun ki gen lafwa, paske li pa kapab fè anyen lòt pase chichote (oswa voye move panse nan lespri yo).

Pa kwè epi pa aksepte move panse kap travèse lespri a, paske yo soti nan men Satan.

Move lide Satan yo pa fè kwayan an ditò, men se pou li chache pwoteksyon nan men Allah kont move lide li yo, epi se pou li sispann kontinye panse ak sa.

Li pa bon pou yon Mizilman rete san li pa di anyen lèl gen dout sou zafè relijyon li; li dwe chèche poze kesyon sou sa.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 119) (132).

Plis (4)

معالم السنن (4/174).

المفهم للقرطبي (1/344).

شرح النووي على مسلم (2/154).

البحر المحيط الثجاج (3/622).