Skip to content

Pami pi move moun yo, gen moun Lè a (Jou Jijman an) ap jwenn pandan yo vivan toujou, ak moun ki pran tonb yo pou fè yo tounen kote pou yo adore (moske).

Daprè Abdoullah ibn Mas'oud (ke Allah satisfè de li), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di:

Pami pi move moun yo, gen moun Lè a (Jou Jijman an) ap jwenn pandan yo vivan toujou, ak moun ki pran tonb yo pou fè yo tounen kote pou yo adore (moske).

«إِنَّ مِنْ شِرَارِ النَّاسِ مَنْ تُدْرِكُهُ السَّاعَةُ وَهُمْ أَحْيَاءٌ، وَمَنْ يَتَّخِذُ الْقُبُورَ مَسَاجِدَ».

Rapòte pa Ahmad
« Bon » ou « Byen »
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) enfòme sou pi move moun yo, epi anverite, se yo menm ki Lè a ap rive sou yo pandan yo vivan, ak moun ki pran kavo yo pou yo fè moske, kap priye bò kote yo epi nan direksyon yo.

Pami benefis Hadith la

Entèdiksyon pou bati moske sou tonb; paske sa se yon fason pou moun fè peche "shirk" (adore lòt bagay nan plas Allah).

Li entèdi pou moun priye bò kote tonb (simityè), menmsi pa gen okenn konstriksyon ki fèt sou yo; paske mo "moske" a (kote pou moun pwostène) deziyen nenpòt kote moun fè pwostènasyon, menmsi pa gen yon batiman ki bati sou li.

Moun ki pran kavo moun ki te fe sa kibon yo pou yo fè moske pou yo fè lapriyè ladan yo, li se pami pi mechan pami kreyati yo, menm si li pretann ke entansyon li se pou li pwoche pi prè Allah.

Referans yo.

Mousnad Ahmad (6/ 394) (3844).

Plis (6)

الجديد في شرح كتاب التوحيد.

لمحمد القرعاوي (ص191).

الملخص في شرح كتاب التوحيد.

لصالح الفوزان (ص176).

أحكام الجنائز.

للألباني (1/ 217).