Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn benyen ak anviwon 2 lit edmi rive 3 lit dlo, epi li te konn lave kòl pou lapriyè (woudou) ak yon sèl ti kout men dlo (mwens pase yon lit).
Daprè Anas, ke Allah satisfè avèk li, li te di:
Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn lave kò li, oswa li te konn benyen (fè gwo ablisyon), avèk yon Sa' jiska senk Mudd(2 lit edmi rive 3 lit) epi li te konn pran dlo (fè ablisyon) avèk yon Mudd(mwens pase yon lit)
كَانَ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ يَغْسِلُ، أَوْ كَانَ يَغْتَسِلُ، بِالصَّاعِ إِلَى خَمْسَةِ أَمْدَادٍ، وَيَتَوَضَّأُ بِالْمُدِّ.
Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn benyen pou Janaba avèk yon Sa'a (Sa') jiska senk Mudd, epi li te konn pran dlo (fè ablisyon) avèk yon Mudd. Yon Sa'a (Sa') se kat Mudd, epi yon Mudd se kantite ki plen 2 pla men yon moun ki gen gwosè nòmal.
Li preskri pou sèvi ak dlo avèk moderasyon pou fè Woudou ak Gousl, epi fòk ou evite gaspiyaj menm si dlo a disponib fasil.
Li rekòmande pou sèvi ak yon ti kantite dlo pou fè ablisyon an ak pou benyen lan (Ghusl) jis sa ki nesesè a, epi sa se gidans Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li).
Objektif la se lave tout kò a oswa fè ablisyon an byen fèt nèt, pandan wap respekte bon fason ak abitid Pwofèt la, san gaspiye dlo epi san ou pa mete twò piti dlo tou. Sa fèt tou selon tan ou genyen, kantite dlo ki disponib la, ak lòt sitiyasyon konsa.
Yo itilize tèm Janaba a pou nenpòt moun ki ejakile oswa ki fè relasyon seksyèl, epi yo relel konsa paske moun nan oblije evite fè priyè ak adorasyon yo jiskaske li pirifye.
'Sa': se yon mezi ki byen koni, epi sa yo vle di la a se 'Sa' nan mezi Pwofèt la, pwa li se katsan katreven (480) 'Mitqal' nan bon kalite ble, epi an lit, sa bay: (3 lit).
Yon 'Mudd': se yon inite mezi relijye, ki se kantite ki plen de pla men yon moun nòmal lè li plen yo epi li lonje men l avèk yo, epi yon 'Mudd' se yon ka nan yon 'Sa' dapre akò jiris yo, epi mezi li se (750) mililit.
Sahih Al-Bukhari (1/ 51) (201).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 258) (325).
Plis (12)
توضيح الأحكام.
للبسام (1/ 250).
سُبل السلام.
للصنعاني (1/ 79 ).
فتح ذي الجلال والإكرام.
لابن عثيمين (1/ 212).
منحة العلَّام.
لعبد الله الفوزان (1/ 186).
منار القاري شرح مختصر صحيح البخاري.
لحمزة قاسم (1/ 272).
تحقيق مقدار المد والصاع النبوي.
للدكتور عبدالمحسن القاسم.