Skip to content

Rete tann pa priye pandan kantite tan règ ou te konn fè ou rete a (anvan maladi a), aprèsa, benyen (fè Ghusl)

Bò kote Aicha, Manman Kwayan yo (ke Allah satisfè avèk li), li te di:

Oumm Habibah bint Jahsh, ki te marye ak Abd ar-Rahman ibn Awf, te plenyen bay Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) konsènan san an. Lè sa a, li di li: «Rete tann pa priye pandan kantite tan règ ou te konn fè ou rete a (anvan maladi a), aprèsa, benyen (fè Ghusl).» Epi li te konn benyen pou chak lapriyè.

إِنَّ أُمَّ حَبِيبَةَ بِنْتَ جَحْشٍ الَّتِي كَانَتْ تَحْتَ عَبْدِ الرَّحْمَنِ بْنِ عَوْفٍ شَكَتْ إِلَى رَسُولِ اللهِ صلى الله عليه وسلم الدَّمَ، فَقَالَ لَهَا: «امْكُثِي قَدْرَ مَا كَانَتْ تَحْبِسُكِ حَيْضَتُكِ، ثُمَّ اغْتَسِلِي». فَكَانَتْ تَغْتَسِلُ عِنْدَ كُلِّ صَلَاةٍ.

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Youn nan medam konpanyon yo te plenyen bay Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) konsènan san an ki tap koule sou li san rete a, Konsa, li te ba li lòd pou li sispann fè lapriyè pandan kantite jou peryòd règ li te konn anpechel la, anvan sitiyasyon sanzatann sa a te rivel la. Aprèsa, li dwe benyen epi fè lapriyè, epi li te konn benyen volontèman pou chak lapriyè.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

moustahada se: lè san an kontinye koule sou yon fanm aprè jou li abitye gen règ li yo.

Yon fanm ki gen senyen iregilye (moustahada) dwe konte tèt li kòm yon fanm ki nan règ sèlman pou menm kantite jou règ li te konn dire nòmalman anvan pwoblèm senyen an te kòmanse. »

Si kantite jou peryòd règ nòmal li a fin pase, li konsidere kòm moun ki pwòp anba règ la —menm si li toujou gen san iregilye a avèl—, lè sa a, li dwe benyen pou règ la.

Se pa yon devwa pou fanm ki gen san iregilye benyen pou chak lapriyè; paske benyen li te fè a, se pou Allah satisfè ak li, se te yon inisyativ pèsonèl li, epi si sa te obligatwa, Mesaje Allah a, lapè ak benediksyon Allah sou li, tap eksplike li sa.

Fanm ki gen san iregilye a dwe fè woudou pou chak lapriyè; paske eta enpite li a la toutan san an pa sispann, epi se menm jan an pou tout moun ki gen yon eta enpite ki la toutan, tankou moun ki gen yon ekoulman pipi kap koule sou li san rete, oswa ki gen gaz kap soti san rete.

Poze savan yo kesyon sou sa ki pa klè nan zafè relijyon, paske fanm sa a te plenyen bay Pwofèt la (Pè AK benediksyon Allah kouvri li), epi li te pozel kesyon sou gwo kantite san li konn genyen an.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 264) (334).

(4/ 25).

Plis (5)

توضيح الأحكام.

للبسام (1/ 447).

شرح النووي على مسلم.

فتح ذي الجلال والإكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (1/ 390).