Gen krentif pou Allah, Senyè nou an, akonpli 5 priyè nou yo, fè jèn mwa nou an, bay Zakat sou byen nou yo, epi obeyi moun ki gen otorite sou nou yo, konsa nap antre nan Paradi Senyè nou an.
Daprè Abu Umamah (ke Allah satisfè ak li), li di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap fè prèch nan Hajj Adye li ya, epi li di:
«Gen lakrentif pou Allah, Seyè nou an, akonpli 5 priyè nou yo, fè jèn nan mwa nou an, peye zakat sou byen nou yo, epi obeyi moun ki gen otorite sou nou yo; konsa nap antre nan Paradi Seyè nou an.»
«اتَّقُوا اللَّهَ رَبَّكُمْ، وَصَلُّوا خَمْسَكُمْ، وَصُومُوا شَهْرَكُمْ، وَأَدُّوا زَكَاةَ أَمْوَالِكُمْ، وَأَطِيعُوا ذَا أَمْرِكُمْ تَدْخُلُوا جَنَّةَ رَبِّكُمْ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè yon prèch jou Arafat la, nan Hadj Adye a, nan dizyèm ane Ejir la, epi yo te rele li konsa; paske li menm (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè adye ak pèp la ladan li, Epi Li kòmande tout moun nèt pou yo gen krentif pou Senyè yo, nan obeyi kòmandman Li yo epi evite sa Li entèdi yo. Epi pou yo fè 5 priyè (Salat) yo ke Allah (Azza wa Jall) mete kòm yon obligasyon pandan jounen an ak lannwit lan. Epi pou yo fè jèn nan mwa Ramadan. Epi pou yo bay Zakat la sou byen yo ak moun ki gen dwa resevwa li yo (moun ki meritel yo), epi pou yo pa fè chich ak li. Epi pou yo obeyi moun Allah mete kòm chèf sou yo, depi se pa pou dezobeyi Allah, Moun ki fè bagay ki mansyone la yo, rekonpans li se antre nan Paradi a.
...:
Zèv sa yo se pami mwayen pou antre nan Paradi.
Sounna At-Tirmidhi (1/ 602) (616).
Mousnad Ahmad (36/ 486) (22161).
Plis (4)
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (1/ 534).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 105).