Skip to content

Pa aprann konesans pou nou vante tèt nou devan savan yo, ni pou nou diskite ak moun ki san konprann yo.

Bò kote Jabir ibn Abdullah (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Pa aprann konesans pou nou vante tèt nou devan savan yo, ni pou nou diskite ak moun ki san konprann yo, ni pou nou chwazi pi bon plas nan asanble yo. Nenpòt moun ki fè sa, se Lanfè kap tann li.»

«لَا تَعَلَّمُوا الْعِلْمَ لِتُبَاهُوا بِهِ الْعُلَمَاءَ، وَلَا لِتُمَارُوا بِهِ السُّفَهَاءَ، وَلَا تَخَيَّرُوا بِهِ الْمَجَالِسَ، فَمَنْ فَعَلَ ذَلِكَ، فَالنَّارُ النَّارُ».

Se Ibn Majah ki rapòte li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te avèti pou moun pa chèche konesans pou li fè fyète epi vante tèt li devan savan yo, pou li montre «mwen se yon savan menm jan avèk nou», oswa poul pale epi diskite ak moun ki san konprann yo ak moun ki gen lespri fèb yo, oswa pou li aprann yon fason poul ka pran premye plas nan asanble yo, epi pou yo mete li devan lòt moun ladan yo. Kidonk, nenpòt moun ki fè sa; li merite Lanfè akòz ostantasyon li ak mank senserite li nan chèche konesans pou Allah.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Menas Lanfè a pou moun ki aprann konesans pou li vante tèt li avè , oswa pou li diskite avèl, oswa pou li pran premye plas nan asanble yo, ak lòt bagay konsa.

Enpòtans senserite nan entansyon an pou moun ki aprann konesans lan epi ki anseyel.

Entansyon an se fondasyon tout aksyon yo, epi se sou baz li rekonpans lan detèmine.

Referans yo.

Sounna Ibn Majah (1/ 170) (254).

Plis (2)

مرشد ذوي الحجا والحاجة (2/378).

مشارق الأنوار الوهاجة ومطالع الأسرار البهاجة في شرح سنن الإمام ابن ماجه (4/ 482).