Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

6 of 477 cards

Clear filters
Mesaje Allah a, (lapè ak benediksyon Allah sou li), te resite vèsè sa a: « Se Li menm ki fè desann Liv la pou ou; gen ladan li vèsè ki klè, ki se fondasyon Liv la, epi gen lòt ki pa klè. Kanta moun ki gen devyasyon nan kè yo, yo swiv sa ki pa klè ladan li yo nan chèche kreye dezòd ak chèche entèprete yo (daprè sa yo vle). Pèsonn pa konnen entèpretasyon yo eksepte Allah Epi moun ki gen konesans ki byen chita yo di: "Nou kwè ladan li, tout soti nan men Seyè nou an." Epi se moun ki gen lespri yo sèlman ki kapab pran konsèy. » (Al-Imran: 7). Li te di: Mesaje Allah a, (lapè ak benediksyon Allah sou li), te di: « Lèw wè moun kap swiv sa ki pa klè ladan li yo, yo se moun sa yo Allah te nonmen yo, donk pran prekosyon avèk yo. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pa gen okenn veso yon moun ranpli ki pi mal pase vant li, li sifi pou pitit Adan pran kèk ti bouch manje poul kenbe dol dwat, men sil oblije (si li pa ka fè otreman), enben se poul kite yon tyè pou manje, yon tyè pou bwè, epi yon tyè pou souf li.»
Sahih Se Imam Ahmad, At-Tirmidhi, An-Nasa'i ak Ibn Majah ki rapòte li.
«Pa aprann konesans pou nou vante tèt nou devan savan yo, ni pou nou diskite ak moun ki san konprann yo, ni pou nou chwazi pi bon plas nan asanble yo. Nenpòt moun ki fè sa, se Lanfè kap tann li.»
Sahih Se Ibn Majah ki rapòte li
« Mwen pa kite aprè mwen okenn tantasyon ki pi nwizib pou gason yo pase fanm yo. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pèsonn nan nou pap gen yon lafwa ki konplè jiskaske dezi pal yo vin soumèt devan sa mwen te pote a (sa vle di, ansèyman mwen yo).
Imam An-Nawawi te di: Se yon Hadith otantik. Nou rapòtel nan liv Al-Hujja a, avèk yon chèn transmisyon (isnad) ki otantik.
Allah bay yon egzanp: yon chemen dwat. Sou tou 2 bò chemen an, gen 2 miray. Nan miray sa yo, gen pòt ki louvri, epi sou pòt yo, gen rido ki pandye (ki kouvri yo). Nan antre chemen an, gen yon moun kap rele kap di: "O nou menm moun yo, antre nan chemen an ansanm, epi pa detounen (pa kite wout la)." Epi gen yon lòt moun kap rele depi anwo chemen an; chak fwa yon moun vle louvri youn nan pòt sa yo, li di: "Malè pou ou! Pa louvril, paske siw louvri li, wap antre ladan li." Chemen an se Islam nan; 2 miray yo se limit Allah yo (lwa Li yo); pòt ki louvri yo se bagay Allah entèdi yo (sa ki haram yo); moun kap rele nan tèt chemen an se Liv Allah a (Koran an); epi moun kap rele depi anwo chemen an se avètisè Allah a ki nan kè chak Mizilman.
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li