Pa fè kòlè
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li):
Yon Mesye te di Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Fèm yon rekòmandasyon. Li di: «Pa fè kòlè». Konsa, li repete sa plizyè fwa, epi li di: «Pa fè kòlè».
أَنَّ رَجُلًا قَالَ لِلنَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: أَوْصِنِي، قَالَ: «لَا تَغْضَبْ» فَرَدَّدَ مِرَارًا قَالَ: «لَا تَغْضَبْ».
Youn nan konpanyon yo (ke Allah satisfè ak yo) te mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li montre li yon bagay kap itil li, konsa li te pase li lòd pou li pa fè kòlè. Sa vle di pou li evite kòz ki pouse li fè kòlè, epi pou li kontwole tèt li si li vin an kòlè, pou li pa ale twò lwen avèk kòlè li a nan touye moun, bat moun, oubyen joure, ak lòt bagay konsa. Epi Mesye nan te repete demann rekòmandasyon an plizyè fwa, men li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pat ajoute anyen pou li nan rekòmandasyon an plis pase: «Pa fè kòlè».
Avètisman kont kòlè ak kòz ki lakòz li, paske kòlè rasanble tout sa ki mal, tandiske evite li rasanble tout sa ki byen."
Fache pou Allah, tankou lè yo vyole lwa Allah yo se yon kalite kòlè ki merite lwanj (li bon).
Repete pawòl la lè sa nesesè jiskaske moun kap koute a byen konprann li epi reyalize enpòtans li.
Merit (oswa enpòtans) yon moun genyen lè li mande yon savan (yon moun ki gen konesans) pou li ba li yon konsèy oswa yon testaman (yon pawòl sajès).
Sahih Al-Bukhari (8/ 28) (6116).
(2/ 1038).
Plis (8)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص36).
شرح الأربعين النووية.
لابن عثيمين (ص181).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.
للعباد (ص64).
المعجم الوسيط.
تاج العروس من جواهر القاموس.
للزبيدي (3/ 485).