"Relijyon an se konsèy (oswa senserite)."
Daprè Tamim al-Dari (ke Allah satisfè avèk li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Relijyon an se senserite (e se bay bon konsèy). Nou mande: 'Pou kiyès?' Li reponn: 'Pou Allah, pou Liv li a, pou Mesaje li a, pou lidè Mizilman yo, epi pou tout pèp la an jeneral.'
«الدِّينُ النَّصِيحَةُ» قُلْنَا: لِمَنْ؟ قَالَ: «لِلهِ وَلِكِتَابِهِ وَلِرَسُولِهِ وَلِأَئِمَّةِ الْمُسْلِمِينَ وَعَامَّتِهِمْ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke relijyon an chita sou senserite ak sou di laverite, yon fason pou li kapab akonpli jan Allah rann li obligatwa a, byen konplè, san okenn mankman ni twonpri. Yo mande Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Pou ki moun konsèy ki sensè a ye ? Li reponn: Premyèman: Senserite pou Allah Toupwisan an: nan fè tout zèv avèk senserite pou Li sèlman, san pa mete okenn asosye ansanm avè li, epi kwè nan Li kòm Senyè, nan divinite Li, nan non Li yo ansanm ak kalite Li yo, bay kòmandman Li yo anpil grandè, epi fè apèl pou moun kwè nan Li. "Dezyèmman: Senserite (oswa konsèy) pou Liv Allah a, ki se Koran Sen an: Sa vle di nou dwe kwè se pawòl Allah ,se dènye Liv li te desann, e li anile tout lwa ki te gen anvan li. Nou dwe respektel, lil jan sa dwe ye, pratike sa ki klè ladan li, aksepte sa ki konplike san nou pa chèche tòde sans li, defann li kont entèpretasyon moun ki vle chanje sans li yo, pran leson nan konsèy li yo, gaye konesans li, epi envite lòt moun vin konnen l." Twazyèmman: Senserite pou Mesaje li a, Muhammad (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li): Sa vle di nou dwe kwè se li ki dènye nan tout mesaje yo, nou dwe kwè tout sa li pote, nou dwe obeyi lòd li yo, nou dwe evite tout sa li entèdi, nou dwe adore Allah sèlman avèk sa li te montre nou yo, nou dwe bay dwa li valè, nou dwe respektel, nou dwe gaye mesaj li a, nou dwe fè konnen lalwa li a, epi nou dwe defann li kont tout manti oswa akizasyon ki fèt kont li. Katriyèmman: Senserite pou chèf Mizilman yo: lè nou ede yo sou laverite, nou pa konteste otorite yo, epi nou koute yo ak obeyi yo nan obeyisans Allah. Senkyèmman: Konsèy pou mizilman yo: se nan aji avèk Al-Ihsan (Pèfeksyon/Ekselans) anvè yo, envite yo, evite fè yo ditò, renmen (Mahabbah) byen pou yo, epi kolabore avèk yo nan bonte ak nan pyete.
النصيحة: تصفية النفس من الغش للمنصوح له وإرادة الخير له.
Lòd pou ofri konsèy bay tout moun.
Gwo enpòtans pozisyon konsèy ki sensè genyen nan relijyon an.
Relijyon an gen ladan li kwayans, pawòl, ak aksyon.
Pami kondisyon pou yon konsèy bay rezilta, se netwaye kè ou ak nenpòt kalite twonpri (ipokrizi) anvè moun wap bay konsèy la, epi vle vrè byen pou li.
Bèl fason Mesaje a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) anseye, kote li mansyone yon bagay an jeneral, epi aprèsa li bay detay sou li.
Kòmanse ak sa ki pi enpòtan an, epi answit sa ki pi enpòtan aprèl la, kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te kòmanse ak konsèy ki sensè pou Allah, aprèsa pou Liv li a, aprèsa pou Mesaje li a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), aprèsa pou chèf kap dirije Mizilman yo, epi pou pèp la an jeneral.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 74) (55).
Plis (4)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثا النووية (ص21).
شرح الأربعين النووية.
لابن عثيمين (ص115).
شرح النووي على مسلم (2/ 37).