Bay tete fè entèdi sa nesans entèdi.
Daprè Aïcha (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
« Bay tete entèdi sa nesans entèdi. »
«الرَّضَاعَةُ تُحَرِّمُ مَا تُحَرِّمُ الوِلَادَةُ».
Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te klarifye ke sa ki entèdi poutèt lèt (bay tete) a, se menm sa ki entèdi poutèt nesans ak lyen fanmi, tankou tonton (frè manman) oswa tonton (frè papa) oswa frè..., epi lèt (bay tete) pèmèt menm sa nesans pèmèt pami règ yo.
Hadis la se yon baz nan règleman sou bay tete.
Ibn Hajar te di: Pawòl li a: (Bay lèt (bay tete) rann entèdi sa nesans rann entèdi) sa vle di: epi li pèmèt sa li pèmèt la tou, e sou sa gen inanimite nan sa ki gen rapò ak entèdiksyon maryaj ansanm ak sa ki swiv li yo, ak jan entèdiksyon sa a blayi ant timoun ki bwè lèt la ak pitit madanm ki bay lèt (bay tete) la, epi lefètke yo mete yo nan menm nivo ak fanmi pwòch kote li pèmèt pou yo gade youn lòt, rete an prive poukont yo (khalwah), ak vwayaje ansanm. Men, lòt règleman ki konsène estati manman pa aplikab sou sa, tankou nan zafè eritaj, obligasyon pou youn pran swen lòt (bay sa li bezwen pou li viv), liberasyon dèske ou vin mèt li, temwayaj nan tribinal, responsablite pou peye kòb san an (al-‘aql), ansanm ak anilasyon pinisyon lwa je pou je a (qisās).
Etabli yon entèdiksyon pou tout tan akoz bay tete.
Lòt hadis yo montre ke entèdiksyon an akòz bay tete a fèt ak 5 fwa tete ki klè, epi pou sa rive nan 2 premye ane yo.
Fanm li entèdi pou yon moun marye avèk yo akòz lyen san yo se: Manman yo, epi sa gen ladan li grann yo, kèlkeswa nivo yo monte pi wo nan fanmi an, kit se sou bò manman oswa sou bò papa. Ak pitit fi yo: epi sa gen ladan li pitit fi pitit fi yo, ak pitit fi pitit gason yo, kèlkeswa nivo yo desann pi ba. Ak sè yo: kit yo se sè menm papa menm manman, oswa yo soti nan youn nan paran yo sèlman. Ak matant yo (sè papa): epi sa gen ladan li tout sè papa a, kit yo se sè menm papa menm manman avè l oswa yo pa menm papa menm manman, konsa tou tout sè granpapa ou yo, kèlkeswa nivo yo monte pi wo. Ak lòt matant yo (sè manman): epi sa gen ladan li tout sè manman an, kit yo se sè menm papa menm manman avèk oswa lòt yo, konsa tou tout sè grann yo, kèlkeswa nivo yo monte pi wo, kit yo se grann sou bò papa oswa sou bò manman. Ak pitit fi frè yo, ak pitit fi sè yo, epi sa gen ladan li pitit fi pa yo tou, kèlkeswa nivo yo desann pi ba.
Fanm ki entèdi yo poutèt lyen lèt (bay tete): sa ki entèdi poutèt lyen lèt la, se menm sa ki entèdi poutèt lyen fanmi (san) an. Donk, chak fanm ki entèdi poutèt lyen fanmi, parèy li entèdi poutèt lyen lèt tou, eksepte manman frè li ak sè pitit gason li nan lyen lèt la, yo menm yo pa entèdi.
Sahih Al-Bukhari (3/ 170) (2646).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 1068) (1444).
Plis (4)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.
لإسماعيل الأنصاري (ص96).
الأحاديث الأربعون النووية وعليها الشرح الموجز المفيد.
لعبد الله المحسن (ص84).
Cited in books
2 BooksPlis (2)
- شرح الأربعين النووية«الرَّضَاعَةُ تُحَرِّمُ مَا تُحَرِّمُ الْوِلَادَةُ».
- شرح الأربعين النوويةقوله: «الرضاعة تحرم ما تحرم الولادة» أي: وتبيح ما تبيح، وهو بالإجماع فيما يتعلق بتحريم النكاح وتوابعه، وانتشار الحرمة بين الرضيع وأولاد المرضعة، وتنزيلهم منزلة الأقارب في جواز النظر والخلوة والسفر، ولكن لا يترتب عليه باقي أحكام الأمومة من ا