Skip to content

Yo pral mennen lanmò a, tankou yon belye mouton ki gen koulè blan ak nwa melanje.

Daprè Abou Sa'id al-Khoudri (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

« Yap fè lanmò a parèt sou fòm yon belye mouton ki gen koulè blan ak nwa melanje (gri). Lè sa a, yon moun kap rele pral di: "O nou menm moun ki nan Paradi!" Yap leve tèt yo pou yo gade, epi li pral di: "Èske nou rekonèt sa?" Yap di: "Wi, sa a se lanmò," epi yo tout te deja wè li. Aprèsa , lap rele: "O nou menm moun ki nan Dife!" Yap leve tèt yo pou yo gade, epi li pral di: "Èske nou rekonèt sa?" Yap di: "Wi, sa a se lanmò," epi yo tout te deja wè li. Lè sa a, yap koupe kou lanmò a (yap touye l). Aprèsa , li pral di: "O nou menm moun ki nan Paradi! Se pou toutan, pa gen lanmò ankò. Epi nou menm moun ki nan Dife! Se pou toutan, pa gen lanmò ankò." Aprèsa , li te resite vèsè sa a: "Avèti yo konsènan jou lapenn nan, lè yap fin regle zafè a, pandan yo menm yo nan neglijans" [Surat Maryam: 39]. Epi moun ki nan neglijans sa yo, se moun ki nan mond lan (ki pa kwè) {epi yo pa kwè}. »

«يُؤْتَى بِالْمَوْتِ كَهَيْئَةِ كَبْشٍ أَمْلَحَ، فَيُنَادِي مُنَادٍ: يَا أَهْلَ الجَنَّةِ، فَيَشْرَئِبُّونَ وَيَنْظُرُونَ، فَيَقُولُ: هَلْ تَعْرِفُونَ هَذَا؟ فَيَقُولُونَ: نَعَمْ، هَذَا المَوْتُ، وَكُلُّهُمْ قَدْ رَآهُ، ثُمَّ يُنَادِي: يَا أَهْلَ النَّارِ، فَيَشْرَئِبُّونَ وَيَنْظُرُونَ، فَيَقُولُ: وهَلْ تَعْرِفُونَ هَذَا؟ فَيَقُولُونَ: نَعَمْ، هَذَا المَوْتُ، وَكُلُّهُمْ قَدْ رَآهُ، فَيُذْبَحُ ثُمَّ يَقُولُ: يَا أَهْلَ الجَنَّةِ خُلُودٌ فَلاَ مَوْتَ، وَيَا أَهْلَ النَّارِ خُلُودٌ فَلاَ مَوْتَ، ثُمَّ قَرَأَ: {وَأَنْذِرْهُمْ يَوْمَ الحَسْرَةِ إِذْ قُضِيَ الأَمْرُ وَهُمْ فِي غَفْلَةٍ} [مريم: 39]، وَهَؤُلاَءِ فِي غَفْلَةٍ أَهْلُ الدُّنْيَا {وَهُمْ لاَ يُؤْمِنُونَ} [مريم: 39]».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke yo pral mennen lanmò vini nan Jou Jijman an, sou fòm yon mal mouton ki gen koulè blan ak nwa ladan l, Epi gen yon vwa kap rele: O moun ki nan Paradi yo! Konsa, yap lonje kou yo, yap leve tèt yo, epi yap gade, Lè sa a, li di yo: Èske nou konnen sa? Epi yo di: wi, sa a se lanmò, epi yo tout te wè li epi rekonèt li, Aprèsa , moun kap rele a ap rele: O moun dife Lanfè yo, lè sa a yap lonje kou yo, yap leve tèt yo, epi yap gade, Epi li di tou: Èske nou konnen sa? Epi yo di: Wi, sa a se lanmò, epi yo tout te wè li; Epi yo egòje li, aprèsa, vwa kap rele a ap di: Nou menm moun Paradi yo, nap rete la pou tout tan gen tan, pap janm gen lanmò ankò; epi nou menm moun lanfè yo, nap rete la pou tout tan gen tan, pap janm gen lanmò ankò. Epi sa ap sèvi kòm yon ogmantasyon nan byennèt moun ki gen lafwa yo, ak kòm yon agravasyon nan soufrans moun ki pa kwè yo. Aprèsa , Pwofèt la, (lapè ak benediksyon Allah sou li) te li: Epi, avèti yo sou Jou Regrè a, lè tout bagay pral fin regle, pandan yo nan neglijans epi yo pa kwè. Nan jou jijman an, yap fè separasyon ant moun ki pral nan Paradi yo ak moun ki pral nan Dife a, epi chak moun ap antre kote ki destine poul rete pou toutan an. Moun ki te fè mal la pral santil regrèt epi lap nan lapenn dèske li pat fè byen, menm jan ak moun ki te neglijan an ki pral regrèt dèske li pat fè plis bon zèv.

Siyifikasyon mo yo

كبش: ذكر الضأن.

أملح: الأبيض الذي يخالطه السواد.

Pami benefis Hadith la

Destine lèzòm nan lòt mond lan se viv pou toutan swa nan Paradi a, swa nan Dife a.

Yon avètisman grav sou jan jou jijman an ap terib, paske se yon jou kote moun pral santi anpil lapenn ak gwo regrè.

Eksplikasyon sou jan lajwa moun ki nan Paradi yo ap dire pou toutan, epi jan lapenn moun ki nan Dife a ap kontinye pou toutan.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (6/ 93) (4730).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2188) (2849).

Plis (3)

التوضيح شرح الجامع الصحيح (22/595).

عمدة القاري شرح صحيح البخاري (19/ 52).

البحر المحيط الثجاج (43/686).