Skip to content

Lè Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn leve do li soti nan 'Ruku' a, li te konn di: Allah koute sila ki fè lwanj pou li.

Daprè Ibn Abi Awfa, ke Allah satisfè avèk li, li te di:

Mesaje Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn di lè li leve do li soti nan pozisyon 'Ruku' a: «Allah koute sila ki fè lwanj pou li, O Allah, Senyè nou an, tout louwanj se pou ou, ki ranpli syèl yo ak tè a, epi ki ranpli tout sa ou vle aprèsa».

كَانَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ إِذَا رَفَعَ ظَهْرَهُ مِنَ الرُّكُوعِ قَالَ: «سَمِعَ اللهُ لِمَنْ حَمِدَهُ، اللَّهُمَّ رَبَّنَا لَكَ الْحَمْدُ، مِلْءَ السَّمَاوَاتِ وَمِلْءَ الْأَرْضِ وَمِلْءَ مَا شِئْتَ مِنْ شَيْءٍ بَعْدُ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Lè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn leve dol soti nan Roukou a pandan lapriyè a, li te konn di: «Allah koute sila ki fè lwanj pou li», ki vle di: nenpòt moun ki fè lwanj pou Allah, Allah reponn li, Li aksepte lwanj li a, epi Li rekonpansel. Aprèsa , li fè lwanj pou Allah lè li di: «O Allah, O Senyè nou, tout louwanj se pou ou, nan yon kantite ki ranpli syèl yo, ki ranpli tè a, epi ki ranpli nenpòt lòt bagay Ou vle aprèsa», yon lwanj ki ranpli syèl yo, tè yo ak sa ki nan mitan yo, epi ki ranpli nenpòt lòt bagay Allah vle.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Eksplikasyon sou sa ki rekòmande pou sila a kap priye a di lè li leve tèt li soti nan 'Roukou a.

Lejitimite pou li kanpe dwat epi byen poze apre li leve sot nan pozisyon panche a (Ruku); paske li pa posib pou li di Zikr sa a sòf si li kanpe dwat epi li byen poze.

Souvni sa a preskri nan tout lapriyè yo, kit se yon lapriyè obligatwa oswa yon lapriyè volontè.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 346) (476).

Plis (1)

البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (11/ 114).