Zanj Jibril(Gabriyèl) pat janm sispann ban mwen konsèy poum byen aji ak vwazen mwen, jouk mwen te menm konn pansel pral dim vwazen an gen dwa eritye nan byen mwen tou.
Daprè Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
« Jibril (Zanj Gabriyèl) pa te sispann rekòmandem pou mwen byen ak vwazen m yo, jiskaske mwen te rive pansel tap fè yo vin eritye (sa vle di, li tap bay vwazen an yon pati nan eritaj la). »
«مَا زَالَ يُوصِينِي جِبْرِيلُ بِالْجَارِ، حَتَّى ظَنَنْتُ أَنَّهُ سَيُوَرِّثُهُ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke Jibril pat janm sispann repete li epi pase li lòd pou li byen aji ak vwazen an, ki se moun ki rete touprè kay li a, kit li se mizilman kit li se mekreyan, kit li se fanmi kit li pa fanmi, nan prezève dwa li ak nan pa fè li ditò, nan aji byen avèk li epi pran pasyans sou move zak li, jouk Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te panse, akòz gwo valè dwa vwazen an genyen epi poutèt Jibril pat sispann repete sa, ke revelasyon an tapral desann pou ba li dwa eritye nan byen vwazen li ap kite aprè lanmò li.
...:
Grandè dwa vwazen an ak obligasyon pou respekte sa.
Rekòmandasyon sa a montre jan li enpòtan pou nou respekte dwa vwazen an. Sa vle di nou dwe onore li, byen avèk li, fèl byen, pa fè li mal, vizitel lèl malad, felisitel lèl gen kè kontan, epi konsolel lèl gen malè.
Plis pòt vwazen an pi prè, se plis dwa li vin pi enpòtan.
Pèfeksyon lwa yo (charia a) parèt nan tout sa li pote pou byennèt sosyete a, tankou jan li mande pou nou fè vwazen nou yo byen, epi pou nou evite fè yo okenn mal.
Sahih Al-Bukhari (8/ 10) (6014).
(8/ 10) (6015).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2025) (2624).
(4/ 2025) (2625).
Plis (3)
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين (1/ 300).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (3/ 175).