Skip to content

Nenpòt moun ki gen kapasite poul marye, se pou li marye, paske sa ede li bese zyel epi sa pwoteje chastete li, Kanta pou moun ki pa kapab, se poul fè jèn, paske lap sèvi kòm yon pwoteksyon pou li.

Daprè Abdoullah ibn Mas'oud (ke Allah satisfè de li), li te di: Nou te avèk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li te di:

«Nenpòt moun ki gen kapasite poul marye, se pou li marye, paske sa ede li bese zyel epi sa pwoteje chastete li, Kanta pou moun ki pa kapab, se poul jene, paske sa ap sèvi kòm yon pwoteksyon pou li.»

«مَنِ اسْتَطَاعَ البَاءَةَ فَلْيَتَزَوَّجْ، فَإِنَّهُ أَغَضُّ لِلْبَصَرِ، وَأَحْصَنُ لِلْفَرْجِ، وَمَنْ لَمْ يَسْتَطِعْ فَعَلَيْهِ بِالصَّوْمِ، فَإِنَّهُ لَهُ وِجَاءٌ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) ankouraje moun ki gen kapasite pou relasyon entim ak mwayen pou depans maryaj la, pou li marye; paske sa pwoteje pi byen kont sa ki entèdi, sa prezève chastetel pi byen, epi sa anpechel tonbe nan imoralite, Epi moun ki pa gen mwayen pou li sipòte depans maryaj alòske li gen kapasite poul fè relasyon seksyèl, se pou li fè jèn, paske vrèmanvre sa koupe dezi seksyèl la epi li pwoteje kont mal tantasyon lachè a.

Pami benefis Hadith la

Islam bay anpil enpòtans ak mwayen pou prezève chastete epi pou pwoteje moun kont zak imoral.

Ankouraje moun ki pa gen mwayen pou sipòte depans maryaj pou yo fè jèn; paske sa febli dezi a.

Rezon ki fè yo konpare jèn ak 'al-wijā' (kasasyon grenn/kastrasyon): se paske wijā a kraze venn grenn yo, sa ki fè anvi pou fè rapò seksyèl la disparèt; se menm jan an tou pou jèn lan, li diminye (afebli) anvi pou fè rapò seksyèl.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (3/ 26) (1905).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 1018) (1400).

Plis (6)

الإلمام بشرح عمدة الأحكام للشيخ.

لإسماعيل الأنصاري (2/ 57).

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

لعبد الله البسام (ص565).

خلاصة الكلام شرح عمدة الأحكام.

لفيصل آل مبارك (ص281).