Mwen pral kanpe bò Basen an (Al-Hawd) poum wè kiyès nan nou kap vin jwenn mwen. Gen moun yo pral pran (yo pral retire yo lwen mwen), mwen pral di: "O Seyèm, yo soti nan mwen, yo soti nan kominotem lan"
Daprè Asma pitit fi Abi Bakr (se pou Allah satisfè avèk yo tou le 2 ), li te di: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
« Mwen pral kanpe bò Basen an (Al-Hawd) ap gade kiyès nan nou kap vin jwenn mwen. Gen moun yo pral pran (yo pral retire yo lwen mwen), mwen pral di: "O Seyè mwen, yo soti nan mwen, yo soti nan kominotem!" Lè sa a, yap reponn mwen: "Èskew pa konnen sa yo te fè aprèw fin ale? Mwen fè sèman sou Allah, yo pat sispann retounen sou tras yo (yo te chanje relijyon yo oswa yo te vire do bay verite a)." »
«إِنِّي عَلَى الحَوْضِ حَتَّى أَنْظُرَ مَنْ يَرِدُ عَلَيَّ مِنْكُمْ، وَسَيُؤْخَذُ نَاسٌ دُونِي، فَأَقُولُ: يَا رَبِّ مِنِّي وَمِنْ أُمَّتِي، فَيُقَالُ: هَلْ شَعَرْتَ مَا عَمِلُوا بَعْدَكَ، وَاللَّهِ مَا بَرِحُوا يَرْجِعُونَ عَلَى أَعْقَابِهِمْ».
Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) eksplike ke nan Jou Jijman an lap la bò basen li an, pou li ka gade kiyès pami kominote li a kap vin nan basen an, Epi gen moun yap pran toupre li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) epi li di: O Mèt mwen, yo soti nan mwen ak nan kominote mwen an, Epi yap di: Èske ou konnen sa yo te fè aprè ou te fin kite yo a? Sèman sou Allah, yo pat sispann kase tèt tounen dèyè epi yo te vire do bay relijyon yo a. Donk, yo pa fè pati moun paw yo, ni yo pa fè pati kominotew la.
...:
Kè sansib (mizèrikòd) pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) pou kominote li a, ak gwo sousi li genyen pou yo.
Danje ki genyen nan dezobeyisans kont sa Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te sou li a.
Nou dwe ankouraje moun yo pou yo aplike konesans lan (sa yo konnen an), paske se sa ki objektif prensipal la.
Sahih Al-Bukhari (8/ 121) (6593).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1793) (2292).
Plis (2)
عمدة القاري (23/144).
البحر المحيط الثجاج (37/322).