Se sèten mesaj sa a ap rive tout kote lannwit ak lajounen rive, epi Allah pap kite okenn kay ki bati ak tè, ni okenn tant ki fèt ak pwal bèt, san ke Allah pa fè relijyon sa a antre ladan li.
Daprè Tamim Ad-Dari (se pou Allah satisfè avèk li), li di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kap di:
«Vrèmanvre, mesaj sa a ap rive tout kote lannnwit ak lajounen rive. Epi Allah pap kite okenn kay ki fèt an tè, ni okenn tant ki fèt ak pwal bèt, san Allah pa fè relijyon sa a antre ladan li ; avèk onè pou moun ki jwenn onè, oswa avèk imilyasyon pou moun ki jwenn imilyasyon, yon onè Allah ap sèvi pou li bay Islam nan onè, ak yon imilyasyon Allah ap sèvi poul imilye mekrèyans lan.» Epi Tamim Ad-Dari te konn di: Mwen te konstate sa aklè pami manm pwòp fanmim; sa ki te antre nan Islam pami yo te jwenn benediksyon, noblès ak onè, epi sa ki te rete mekreyan pami yo te jwenn imilyasyon, rabesman ak obligasyon pou mete taks (Jizya a.)
«لَيَبْلُغَنَّ هَذَا الأَمْرُ مَا بَلَغَ اللَّيْلُ وَالنَّهَارُ، وَلَا يَتْرُكُ اللهُ بَيْتَ مَدَرٍ وَلَا وَبَرٍ إِلَّا أَدْخَلَهُ اللهُ هَذَا الدِّينَ، بِعِزِّ عَزِيزٍ أَوْ بِذُلِّ ذَلِيلٍ، عِزًّا يُعِزُّ اللهُ بِهِ الإِسْلَامَ، وَذُلًّا يُذِلُّ اللهُ بِهِ الكُفْرَ» وَكَانَ تَمِيمٌ الدَّارِيُّ يَقُولُ: قَدْ عَرَفْتُ ذَلِكَ فِي أَهْلِ بَيْتِي، لَقَدْ أَصَابَ مَنْ أَسْلَمَ مِنْهُمُ الْخَيْرُ وَالشَّرَفُ وَالْعِزُّ، وَلَقَدْ أَصَابَ مَنْ كَانَ مِنْهُمْ كَافِرًا الذُّلُّ وَالصَّغَارُ وَالْجِزْيَةُ.
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke relijyon sa a pral kouvri tout pati sou latè, konsa nenpòt ki kote lannwit ak lajounen rive, relijyon sa a ap rive la tou, Epi Allah, sila ki anwo nèt la, pap kite okenn kay nan vil yo ak vilaj yo, ni nan zòn andeyò yo ak dezè a, san li pa fè relijyon sa a antre ladan li, Konsa, nenpòt moun ki aksepte relijyon sa a epi ki kwè ladan li, lap vin onore avèk lonè Islam nan, Epi, moun ki rejtel epi ki fè mekreyans ladan li, lap vin imilye epi avili. Aprèsa, konpanyon an Tamim al-Dari (se pou Allah kontan avèl) te fè konnen ke li te konstate pèsonèlman sa Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) te di a nan mitan pwòp fanmi li an patikilye. Paske moun pami yo ki te aksepte Islam te jwenn byen, onè ak diyite, epi sa yo pami yo ki te refize kwè te sibi imilyasyon ak wont, sa se anplis lajan yo oblije peye bay mizilman yo.
مَدَر: طين، والمراد أهل القرى والمدن.
وبر: شعر وصوف، والمراد أهل البادية والصحراء.
Yon bòn nouvèl pou mizilman yo ke relijyon yo a pral gaye nan tout pati sou latè.
Onè ak diyite se pou Islam ak tout Mizilman yo, epi imilyasyon ak rabesman se pou enkwayans lan ak tout Moun ki pa kwayan yo.
Ladann gen yon prèv pami prèv pwofesi a ak yon siy pami siy li yo, paske evènman an te rive jan Pwofèt la (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) te fè konnen an.
Mousnad Ahmad (28/ 154) (16957).
(15/ 163).
Plis (5)
النهاية في غريب الحديث والأثر.
لابن الأثير (4/ 309).
المصباح المنير في غريب الشرح الكبير.
لأحمد الفيومي (1/ 163).
الموسوعة الفقهية الكويتية.
Cited in books
5 BooksPlis (5)
- مجالس تدارس القرآن للمبتدئين (سورة الفاتحة وقصار المفصّل)1«لَيبلُغنَّ هذا الأمر ما بلغ الليل والنهار ولا يترك الله بيت مَدَر ولا وَبَر إلا أدخله الله هذا الدين بعزّ عزيز أو بذلّ ذليل، عزًا يعز الله به الإسلام وأهله، وذلًا يذل الله به الكفر»([131])..
- نبراس طالب (2)نبراس طالب (2) عَنْ تَمِيمٍ الدَّارِيِّ قَالَ: سَمِعْتُ رَسُولَ اللهِ صلى الله عليه وسلم يَقُولُ: «لَيَبْلُغَنَّ هَذَا الأَمْرُ مَا بَلَغَ اللَّيْلُ وَالنَّهَارُ، وَلاَ يَتْرُكُ اللهُ بَيْتَ مَدَرٍ وَلاَ وَبَرٍ إِلاَّ أَدْخَلَهُ اللهُ هَذَا الدِّينَ»
- نبراس طالب (5)1«لَيَبْلُغَنَّ هَذَا الْأَمْرُ مَا بَلَغَ اللَّيْلُ وَالنَّهَارُ، وَلَا يَتْرُكُ اللهُ بَيْتَ مَدَرٍ وَلَا وَبَرٍ (بيتًا مبنيًّا من طين أو من شعر) إِلَّا أَدْخَلَهُ اللهُ هَذَا الدِّينَ»
- وثيقة منهج نبراس لمدارس نهاية الأسبوع1"ليَبْلُغن هذا الأمر ما بلغ اللَّيل والنَّهار، ولا يترك الله بيت مَدَرٍ ولا وبرٍ إلا أدخله الله هذا الدين"
- وثيقة منهج نبراس لمدارس نهاية الأسبوع1"ليَبْلُغن هذا الأمر ما بلغ اللَّيل والنَّهار، ولا يترك الله بيت مَدَرٍ ولا وبرٍ إلا أدخله الله هذا الدين"