Skip to content

O Mesaje Allah, mwen pa kite okenn peche, kit li piti kit li gwo, san mwen pa komèt li. Li di: Èske ou pa temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon Sèlman Allah, epi ke Muhammad se mesaje Allah?

Daprè Anas, ke Allah satisfè avèk li, li te di:

Yon Mesye te vin jwenn Pwofèt la (ke Allah beni li epi bal kè poze) epi li di: "O Mesaje Allah, mwen paka kite okenn fòm peche (ni gwo ni piti) san mwen pa komèt li." Pwofèt la te mandel: "Èske ou pa temwanye ke pa gen lòt bondye sanble ak Allah epi ke Muhammad se Mesaje Allah?" Li te repete kesyon sa a 3 fwa. Mesye a reponn: "Wi (mwen temwanye sa)." Lè sa a, Pwofèt la di: "Vrèman vre, deklarasyon lafwa sa a efase tout sa ki te pase anvan."

جَاءَ رَجُلٌ إِلَى النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فَقَالَ: يَا رَسُولَ اللهِ، مَا تَرَكْتُ حَاجَّةً وَلَا دَاجَّةً إِلَّا قَدْ أَتَيْتُ، قَالَ: «أَلَيْسَ تَشْهَدُ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللهِ؟» ثَلَاثَ مَرَّاتٍ. قَالَ: نَعَمْ، قَالَ: «فَإِنَّ ذَلِكَ يَأْتِي عَلَى ذَلِكَ».

Rapòte pa Abou Ya'la, At-Tabarani ak Ad-Diya' Al-Maqdisi.
Sahih
Esplikasyon an

Yon nonm te vin jwenn Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li), epi li di: O Mesaje Allah, anverite, mwen fè tout kalite peche ak dezobeyisans, mwen pa kite ni piti ni gwo sanm pa fè yo, èske yap padonem? Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di li: Èske ou pa temwaye ke pa gen lòt dye sof Allah sèlman, epi ke Muhammad se mesaje Allah? Li repete sa ba li 3 fwa, Epi li te reponn li: Wi, mwen temwaye, Konsa, Pwofèt la, pè ak benediksyon Allah sou li, te fè li konnen merit 2 temwayaj yo (Shahadatayn) ansanm ak fason yo efase peche, epi ke repantans efase tout peche ki te fèt anvan repantans lan.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

« Grandè 2 temwayaj lafwa yo (Shahadatayn), epi jan yo peze pi lou pase peche yo pou moun ki di yo ak senserite nan kèl. »

Islam efase tout peche ki te fèt anvan li.

Repantans sensè efase tout peche ki te fèt anvan li.

Repetisyon nan ansèyman an se youn nan metòd Pwofèt la (ke Allah beni li epi bal kè poze) te konn itilize.

Avantaj 2 temwayaj lafwa yo (Shahadatayn), epi kijan yo se yon rezon pou chape anba dife lanfè a pou tout etènite.

Referans yo.

Al-Ahadith al-Mukhtarah pa Ad-Diya' al-Maqdisi (5/ 151) (1773).

Plis (8)

مسند أبي يعلى الموصلي (6/ 155) (3433).

المعجم الصغير للطبراني (2/ 201) (1025).

شعب الإيمان (5/404) (7086).

غريب الحديث للخطابي (1/255).

الترغيب والترهيب (4/55).

النهاية في غريب الحديث والأثر (1/341).

الزواجر لابن حجر الهيتمي (2/961).

جامع العلوم والحكم (1/305).