Mwen te avèk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) epi li te rive bò yon depotwa fatra yon gwoup moun, konsa li te pipi kanpe,
Daprè Hudhayfah (se pou Allah satisfè ak li), li te di:
Mwen te avèk Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li), li te rive bò yon pil fatra yon gwoup moun, epi li te pipi tou kanpe. Mwen te rale kòm sou kote, epi li te di: «Pwoche.» Mwen te pwoche jiskaske mwen te kanpe dèyè talon li yo. Aprèsa, li te fè ablisyon epi li te pase men li sou 2 chosèt an kwil yo.
كُنْتُ مَعَ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فَانْتَهَى إِلَى سُبَاطَةِ قَوْمٍ، فَبَالَ قَائِمًا، فَتَنَحَّيْتُ فَقَالَ: «ادْنُهْ» فَدَنَوْتُ حَتَّى قُمْتُ عِنْدَ عَقِبَيْهِ فَتَوَضَّأَ فَمَسَحَ عَلَى خُفَّيْهِ.
Hudhayfah ibn al-Yaman — se pou Allah kontan avèk yo 2 a — rapòte ke li te avèk Pwofèt la (Lapè ak Benediksyon Allah kouvri li), epi li (Lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te vle pipi, konsa li te antre nan dechaj fatra yon gwoup moun; ki se kote yo jete fatra ak tè yo bale soti nan kay yo, epi li te pipi tou kanpe, alòske pi fò nan abitid li se te pipi tou chita. Epi Hudhayfah te pran distans li avèl, epi li te di li (se pou benediksyon ak lapè Allah sou li): Pwoche. Konsa, Hudhayfah te pwoche bò kotel jiskaske li te kanpe dèyèl bò talon pye li yo; poul te ka sèvi tankou yon Sutrah (pwoteksyon) pou li, pou anpeche yo gadel nan eta sa a. Aprèsa, li (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te pran dlo (fè ablisyon), epi lè poul te lave 2 pye yo, li te kontantel pase men mouye sou 2 khouf li yo - ki se sa yo mete nan pye ki fèt an po fen oswa bagay menm jan an, epi ki kouvri 2 je pye yo - epi li pat retire yo.
Otorizasyon (lejitimite relijye) pou pase men mouye sou chosèt kwi yo (Khuffayn) nan plas lave pye yo pandan abliyon (Wudu).
Ou gen dwa pipi kanpe, men ak kondisyon pou anyen ladan li pa tonbe sou ou.
Chwa Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè pou ale bò pil fatra a — ki se kote yo jete fatra ak kras — se paske tè a la an jeneral mou epi fasil pou absòbe, sa ki evite pipi a sote sou moun kap pipi a.
Sahih Al-Bukhari (1/ 54) (224).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 228) (273).
Plis (4)
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
للبسام (ص51).
تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.
لابن عثيمين (1/ 61).