Skip to content

Pral genyen nan finisman kominotem lan moun kap rakonte nou sa ni nou menm ni zansèt nou yo pat tande, kidonk pran prekosyon nou avèk yo.

Daprè Abou Hurayrah, daprè Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

«Nan fen kominote mwen an, pral genyen moun kap rakonte nou sa ni nou menm, ni zansèt nou yo pat janm tande. Kidonk, mefye nou ak yo.»

«سَيَكُونُ فِي آخِرِ أُمَّتِي أُنَاسٌ يُحَدِّثُونَكُمْ مَا لَمْ تَسْمَعُوا أَنْتُمْ وَلَا آبَاؤُكُمْ، فَإِيَّاكُمْ وَإِيَّاهُمْ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke pral parèt kèk moun nan fen kominote li a kap envante manti, epi kap di sa pèsonn anvan yo pat janm di, kote yap pote hadith yo bay manti sou yo ansanm ak sa yo envante. Se poutèt sa, li menm (se pou lapè ak benediksyon sou li) te pase nou lòd pou nou rete lwen yo, ni pou nou pa chita avèk yo, ni pou nou pa koute hadith yo a; yon fason pou hadith envante sa a pa pran rasin nan nanm nou, epi pou nou pa vin enkapab pou nou debarase nou de li.

Siyifikasyon mo yo

فإياكم إياهم: أمر بالابتعاد عنهم.

Pami benefis Hadith la

Nan sa a, gen youn nan mak Misyon Pwofèt la, kote Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah sou li) te fè konnen sa ki pral rive nan kominote li a, epi sa te rive egzakteman jan li te fè konnen an.

Rete lwen moun kap bay manti sou Mesaje Allah a (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) ak sou relijyon Islam nan, epi pa koute manti yo.

Avètisman kont aksepte Hadith yo oswa simaye yo san nou pa asire nou anvan yo soti nan yon sous ki sèten (Sahih) epi yo etabli kòm vre.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 12) (6).

Plis (1)

قرة عين المحتاج في شرح مقدمة صحيح مسلم بن الحجاج (2/ 8).