Se yon devwa pou chak Mizilman pou li benyen yon jou nan chak 7 jou, kote li lave tèt li ak kò li.
Daprè Abou Hurayrah, li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Se yon devwa pou chak Mizilman pou li benyen yon jou nan chak 7 jou, kote li lave tèt li ak kò li.»
«حَقٌّ عَلَى كُلِّ مُسْلِمٍ أَنْ يَغْتَسِلَ فِي كُلِّ سَبْعَةِ أَيَّامٍ يَوْمًا، يَغْسِلُ فِيهِ رَأْسَهُ وَجَسَدَهُ».
Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fè konnen: ke se yon devwa ki konfime pou chak Mizilman ki gen laj epi ki gen bon sans pou li benyen yon jou nan chak 7 jou nan semèn nan, kote pou li lave tèt li ak kò li nan jou sa a, nan chache pirifikasyon ak pwòpte, epi pi bon pami jou sa yo se jou Vandredi a, jan yo konprann sa nan kèk vèsyon yo. Epi Benyen nan jou Vandredi a anvan lapriyè a se yon bagay ki trè rekòmande (yon Sounnah ki konfime), menm si yon moun te benyen jou Jedi a pa egzanp. Epi sa ki fè li pa vin yon obligasyon se pawòl Aisha (se pou Allah satisfè avèk li) kote li di: "Moun yo te konn ap travay pou tèt yo (travay manyèl ) epi lè yo tap ale nan jou Vandredi a yo te konn ale nan eta yo te ye a (ak swè sou kò yo): kote yo te di yo: 'Si sèlman nou te benyen'", Bukhari rapòtel. Epi nan yon lòt vèsyon pal : "yo te gen odè" sa vle di sant swè ak lòt sant menm jan an, epi malgre sa yo te di yo "si sèlman nou te benyen", donk, pou lòt moun se pi enpòtan toujou.
...:
Enpòtans ak atansyon relijyon Islam nan bay pwòpte ak Pirifikasyon (At-Tahara).
Lave kò (Ghusl) jou Vandredi a se yon pratik ki rekòmande yon fason ki konfime pou lapriyè a.
Mansyone tèt la, byenke mansyone kò a kouvri li, se akòz atansyon espesyal yo pote sou li."
Benyen an obligatwa pou chak moun ki gen yon move sant sou li kap deranje moun yo.
Jou ki pi konfime pou benyen se jou Vandredi a; akòz valè li.
Sahih Al-Bukhari (2/ 5) (897).
(2/ 7) (903).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 582) (849).
Plis (3)
عمدة القاري شرح صحيح البخاري (6/ 193).
إرشاد الساري لشرح صحيح البخاري (2/ 169).
التيسير بشرح الجامع الصغير للمناوي (1/951).