Skip to content

Mwen te memorize nan men Pwofèt la 10 rakat.

Bò kote Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di:

Mwen te memorize nan men Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) 10 raka: 2 raka anvan salat Dhuhr, epi 2 raka aprè li, epi 2 raka aprè salat Maghrib nan kay li, epi 2 raka aprè salat Isha nan kay li, epi 2 raka anvan salat Soubh. Epi se te yon moman kote moun pat konn antre kote Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li). Hafsa te rakontem ke lè mouezin nan te rele lapriyè a epi douvanjou kase, li te konn priye 2 raka. Epi nan yon lòt vèsyon: Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn priye 2 raka aprè lapriyè Joumou'a a.

حَفِظْتُ مِنَ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ عَشْرَ رَكَعَاتٍ: رَكْعَتَيْنِ قَبْلَ الظُّهْرِ، وَرَكْعَتَيْنِ بَعْدَهَا، وَرَكْعَتَيْنِ بَعْدَ المَغْرِبِ فِي بَيْتِهِ، وَرَكْعَتَيْنِ بَعْدَ العِشَاءِ فِي بَيْتِهِ، وَرَكْعَتَيْنِ قَبْلَ صَلاَةِ الصُّبْحِ، وَكَانَتْ سَاعَةً لاَ يُدْخَلُ عَلَى النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فِيهَا، حَدَّثَتْنِي حَفْصَةُ أَنَّهُ كَانَ إِذَا أَذَّنَ المُؤَذِّنُ وَطَلَعَ الفَجْرُ صَلَّى رَكْعَتَيْنِ، وَفِي لَفْظٍ: أَنَّ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ كَانَ يُصَلِّي بَعْدَ الْجُمُعَةِ رَكْعَتَيْنِ.

Tout moun tonbe dakò sou li nan tout vèsyon l yo. « Hadis sa a fè pati akò yo (rapòte pa Bukhari ak Muslim), e li enkli tout varyasyon vèsyon li yo. »
Sahih
Esplikasyon an

Abdullah bin Oumar (se pou Allah satisfè ak yo tou 2) eksplike: pami priyè volontè li te kenbe nan men Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah sou li) gen 10 raka, epi yo rele yo Souna Rawatib, 2 raka anvan Dhuhr, ak 2 rakat aprè li, Epi 2 rakat aprè Maghrib lakay li, Ak 2 raka aprè Icha nan kay li, Epi 2 raka anvan Fajr, Konsa, 10 raka konplete. Kanta pou lapriyè Vandredi a, li fè 2 rakat aprè li.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Li rekòmande pou fè Rawatib sa yo, epi toujou pratike yo.

Lejitimite pou fè lapriyè rekòmande a (Al-Sunnah) lakay.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (2/ 58-59) (1180.

1181).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 601) (882).

Plis (2)

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص112).