Skip to content

السؤال

س2: كيف تطهر ما أصابته النجاسة؟

Kesyon 2: Kijan pou wou pirifye yon bagay ki vin an kontak ak yon salte?

الجواب

ج:بغسله بالماء حتى يطهر.

وأما ما ولغ فيه الكلب؛ فيغسل سبع مرات الأولى بالتراب.

فعن أبي هريرة رضي الله عنه قال: قال رسول الله صلى الله عليه وسلم:

«طهور إناء أحدكم إذا ولغ فيه الكلب أن يغسله سبع مرات، أولاهن بالتراب»

رواه مسلم.

Repons : Lè li lavel ak dlo jiskaske kote sa a vin pwòp nèt.

Kanta pou yon veso yon chyen niche ladanl; se pouw lave li 7 fwa, premye fwa a fèt ak tè.

Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Pou pirifye veso youn nan nou si yon chen niche ladanl, se poul lave li 7 fwa, premye fwa a fèt ak tè.»

Rapòte pa Mouslim.