Skip to content

Pa gen okenn veso yon moun ka ranpli ki pi move pase vant li. Li sifi pou pitit Adan an pran kèk mòso manje ki kenbe ren li dwat (ki bal fòs pou li viv). Men, si l oblije manje plis, kite yon tyè pou manje li, yon tyè pou bwèl, ak yon tyè poul respire.

Daprè Al-Miqdam ibn Ma'di Karib (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di:

«Pa gen okenn veso yon moun ranpli ki pi mal pase vant li, li sifi pou pitit Adan pran kèk ti bouch manje poul kenbe dol dwat, men sil oblije (si li pa ka fè otreman), enben se poul kite yon tyè pou manje, yon tyè pou bwè, epi yon tyè pou souf li.»

«مَا مَلأَ آدَمِيٌّ وِعَاءً شَرًّا مِنْ بَطْنٍ، بِحَسْبِ ابْنِ آدَمَ أَكَلاَتٌ يُقِمْنَ صُلْبَهُ، فَإِنْ كَانَ لَا مَحَالَةَ، فَثُلُثٌ لِطَعَامِهِ، وَثُلُثٌ لِشَرَابِهِ، وَثُلُثٌ لِنَفَسِهِ».

Se Imam Ahmad, At-Tirmidhi, An-Nasa'i ak Ibn Majah ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

"Pwofèt la (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) montre nou youn nan prensip doktè yo, ki se prevansyon pou moun pwoteje sante yo. Prensip sa a se diminye manje; olye de sa, moun nan ta dwe manje kantite ki sifi poul satisfè grangou li epi bal fòs pou li fè travay ki nesesè yo. Paske, pi move veso yon moun ka ranpli se vant li, poutèt kantite maladi grav ki soti nan twòp manje,maladi ki pa ka konte, kit yo parèt kounye a oswa pita, kit yo anndan oswa deyò kò a." Epi anverite, Mesaje a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te di: si yon moun oblije manje vant plen, enben se poul mete kantite yon tyè pou manje, yon lòt tyè pou bwè, epi yon tyè pou souf li, yon fason pou li pa jwenn malèz ak domaj, epi pou li pa fè parès nan akonpli sa Allah rann obligatwa sou li nan zafè relijyon li oswa lavi monn li a.

Pami benefis Hadith la

Evite fè eksè nan manje ak bwè, epi sa se yon prensip fondamantal ki regwoupe tout prensip lamedsin yo, paske twòp vant plen lakòz maladi ak pwoblèm sante.

Objektif manje a, se prezève sante ak fòs, epi se grasa 2 bagay sa yo lavi a rete an sekirite.

Ranpli vant ak manje gen move konsekans fizik ak relijye, Omar (ke Allah satisfè de li) te di: «Pran prekosyon nou ak ranpli vant nou twòp, paske li gate kò a epi li bay parès pou lapriyè».

Manje, daprè prensip lalwa relijye yo, divize an plizyè kategori: Sa ki obligatwa, se sa ki nesesè pou prezève lavi ak sa ki ka lakòz gwo domaj si moun nan pa manje li. Sa ki pèmèt, se sa ki depase kantite obligatwa a epi ki pa bay okenn krentif pou domaj. Sa ki pa rekòmande (makrouh), se sa moun pè ki ka lakòz domaj. Sa ki entèdi, se sa moun sèten kap lakòz domaj. Epi Sa ki rekòmande (moustahab), se sa moun pran pou ba yo fòs pou yo adore Allah ak obeyi li. Yo rezime tout pwen sa yo nan adit la an 3 nivo: premye nivo a, se plen vant ou; dezyèm nivo a, se kèk ti moso manje (kèk bouche) kap kenbe kòw kanpe; twazyèm nivo a, se pawòl li ki di: « Yon tyè pou manjel, yon tyè pou bwason li, epi yon tyè pou fason lap respire ». Tout rès sa yo valab sèlman si manje a li menm se yon manje ki halal (ki pèmèt).

Adit sa a se youn nan baz prensipal medsin lan. Depi se vre syans medsin chita sou 3 prensip: konsève fòs kò a, fè rejim (prevansyon), ak debarase kò a de sa ki pa bon (eliminasyon), adit la kouvri 2 premye yo. Se menm jan an tou ak sa Allah di nan Koran an: (Manje epi bwè, men pa fè egzajerasyon, paske Li pa renmen moun ki fè egzajerasyon) [Surat Al-A'raf: 31].

Lalwa (Chari'a) sa a pafè, kote li gen ladanl tout sa ki bon pou lavi relijye lèzòm ak pou lavi yo sou tè a.

Pami syans lalwa relijye yo, gen prensip medsin yo ak kèk kalite ladan li, jan sa mansyone konsènan siwo myèl ak grenn nwa a.

Prensip lalwa relijye yo (Charia) chaje ak sajès, epi yo chita sou baz pou anpeche sa ki mal (domaj) epi chèche sa ki bon (enterè moun).

Referans yo.

Sounna At-Tirmidhi (4/ 188) (2380).

Sounna Ibn Majah (4/ 448) (3349).

Mousnad Ahmad (28/ 422) (17186).

Plis (7)

فتح الباري لابن حجر (9/ 528).

جامع العلوم والحكم في شرح خمسين حديثا من جوامع الكلم.

لابن رجب (2/ 467).

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.

لإسماعيل الأنصاري (ص100).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

لعبد المحسن العباد (ص148).