Skip to content

Allah bay yon egzanp: yon chemen dwat.

Bò kote Nawwas ibn Sam'an Al-Ansari (ke Allah satisfè de li), daprè Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

Allah bay yon egzanp: yon chemen dwat. Sou tou 2 bò chemen an, gen 2 miray. Nan miray sa yo, gen pòt ki louvri, epi sou pòt yo, gen rido ki pandye (ki kouvri yo). Nan antre chemen an, gen yon moun kap rele kap di: "O nou menm moun yo, antre nan chemen an ansanm, epi pa detounen (pa kite wout la)." Epi gen yon lòt moun kap rele depi anwo chemen an; chak fwa yon moun vle louvri youn nan pòt sa yo, li di: "Malè pou ou! Pa louvril, paske siw louvri li, wap antre ladan li." Chemen an se Islam nan; 2 miray yo se limit Allah yo (lwa Li yo); pòt ki louvri yo se bagay Allah entèdi yo (sa ki haram yo); moun kap rele nan tèt chemen an se Liv Allah a (Koran an); epi moun kap rele depi anwo chemen an se avètisè Allah a ki nan kè chak Mizilman.

«ضَرَبَ اللهُ مَثَلًا صِرَاطًا مُسْتَقِيمًا، وَعَلَى جَنْبَتَيْ الصِّرَاطِ سُورَانِ، فِيهِمَا أَبْوَابٌ مُفَتَّحَةٌ، وَعَلَى الْأَبْوَابِ سُتُورٌ مُرْخَاةٌ، وَعَلَى بَابِ الصِّرَاطِ دَاعٍ يَقُولُ: أَيُّهَا النَّاسُ، ادْخُلُوا الصِّرَاطَ جَمِيعًا، وَلَا تَتَعَرَّجُوا، وَدَاعٍ يَدْعُو مِنْ فَوْقِ الصِّرَاطِ، فَإِذَا أَرَادَ يَفْتَحُ شَيْئًا مِنْ تِلْكَ الْأَبْوَابِ، قَالَ: وَيْحَكَ لَا تَفْتَحْهُ، فَإِنَّكَ إِنْ تَفْتَحْهُ تَلِجْهُ، وَالصِّرَاطُ الْإِسْلَامُ، وَالسُّورَانِ: حُدُودُ اللهِ، وَالْأَبْوَابُ الْمُفَتَّحَةُ: مَحَارِمُ اللهِ، وَذَلِكَ الدَّاعِي عَلَى رَأْسِ الصِّرَاطِ: كِتَابُ اللهِ، وَالدَّاعِي مِنِ فَوْقَ الصِّرَاطِ: وَاعِظُ اللهِ فِي قَلْبِ كُلِّ مُسْلِمٍ».

Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay yon eksplikasyon konsa: Allah te bay yon egzanp pou Islam nan kòm yon chemen dwat ki long san okenn devyasyon. Sou tou 2 bò wout sa a, gen 2 miray oswa 2 kloti ki antoure li sou chak bò; sa yo reprezante limit Allah yo. Nan 2 miray sa yo, gen pòt ki louvri ki reprezante bagay Allah entèdi yo (haram), epi sou pòt sa yo, gen rido ki kache sa ki dèyè yo pou moun kap pase sou wout la pa wè sa ki anndan an. Nan kòmansman wout la, gen yon moun kap rele kap dirije epi kap bay moun yo konsèy; li di yo: "Mache sou chemen an san nou pa detounen sou kote." Moun kap rele sa a reprezante Liv Allah a (Koran an). Epi, gen yon lòt moun kap rele depi anwo wout la; chak fwa yon moun kap mache sou chemen an anvi louvri yon ti moso nan rido pòt sa yo, moun sa a reprimandel epi li di li: "Malè pou ou! Pa louvril! Paske siw louvri li, wap antre ladan l epiw pap kapab kontwole tèt ou pouw pa antre." Moun kap rele sa a se avètisè Allah a ki nan kè chak Mizilman.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Islam se relijyon verite a, epi li se chemen dwat la ki mennen nou nan Paradi a.

Obligasyon pou nou respekte limit Allah yo epi pou nou rete nan sa Li pèmèt ak sa Li entèdi, paske pran bagay sa yo alalejè mennen nan pèt (destriksyon).

Merit gran Koran an ak ankourajman pou nou pratike sa ki ladan l, paske ladan li gen gidans, limyè, ak siksè.

Mizèrikòd Allah pou sèvitè li yo, ansanm ak sa Li mete nan kè moun ki gen lafwa yo, se sa ki anpeche yo epi ki avèti yo pou yo pa tonbe nan destriksyon.

Allah, nan mizèrikòd li, mete baryè pou sèvitè yo ki anpeche yo tonbe nan peche.

Pami metòd ansèyman yo, gen itilizasyon egzanp (parabòl) pou rann bagay yo pi fasil pou konprann epi pou fè yo vin pi klè.

Referans yo.

Sounna At-Tirmidhi (4/ 539) (2859).

Mousnad Ahmad (29/ 181.

183) (17634).

Plis (4)

جامع العلوم والحكم (2/161).

فيض القدير (4/253).

التنوير شرح الجامع الصغير (7/100).

الفتح الرباني لترتيب مسند الإمام أحمد بن حنبل الشيباني (1/ 83).