Skip to content

Pi move vòlè pami moun yo, se moun ki vòlè lapriyè li a. Yo te di: E kijan li vòlè lapriyè li a? Li te di: Li pa byen fè koube a (Roukou), ni pwostènasyon an (Soujoud).

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

"«Pi move vòlè nan pami moun yo, se moun ki vòlè lapriyè li a» Yo di: Kijan li vòlè lapriyè li a? Li di: «Li pa fè Roukou' li a konplè, ni Soujoud li a»."

«أَسْوَأُ النَّاسِ سَرَقَةً الَّذِي يَسْرِقُ صَلَاتَهُ» قَالَ: وَكَيْفَ يَسْرِقُ صَلَاتَهُ؟ قال: «لَا يُتِمُّ رُكُوعَهَا، وَلَا سُجُودَهَا».

Se Ibn Hibban ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la fè konnen ke moun ki pi mal nan zafè vòl, se moun kap vòlè nan lapriyè li; epi sa, paske lè yon moun pran lajan oswa byen lòt moun, li ka petèt jwenn avantaj avèl nan lavi sa a, kontrèman ak vòlè sa a, li menm li vòlè pwòp dwa pa li olye poul ta jwenn rekonpans ak benediksyon. Yo mandel : «O Mesaje Allah, epi kòman pou yon moun vòlè nan lapriyè li?» Li reponn: «Se lèl pa konplete bese (Ruku) l yo ni pwostènasyon (Sujud) li yo ladan l;» sa vle di lè lap prese nan Ruku a ak nan Sujud la, konsa li pa akonpli yo nan fason ki pi konplè a.

Pami benefis Hadith la

Enpòtans pou moun fè lapriyè a kòrèkteman, epi pou yo akonpli pilye li yo ak trankilite, konsantrasyon ak respè nan kè yo.

Lè yo kalifye yon moun ki pa konplete 'Roukou' li ak 'Soudjoud' li kòm yon vòlè, se pou dekouraje moun fè zak sa a, epi se yon avètisman pou montre sa entèdi.

Obligasyon pou moun fè 'Ruku' a ak 'Soudjoud' la kòrèkteman nan lapriyè a, epi pou yo redrese kò yo dwat lè yap leve sot ladan yo.

Referans yo.

Sahih Ibn Hibban (5/ 209) (1888).

Plis (4)

الشّافي في شرح مسند الشّافعي (1/613).

الكاشف عن حقائق السنن (3/1020).

التنوير (2/373).

نيل الأوطار (2/ 311).