Skip to content

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te leve 2 men li nan nivo zepòl li lè li kòmanse lapriyè a,

Bò kote Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2):

Sètènman, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn leve 2 men li nan nivo zepòl li lè lap kòmanse lapriyè a, epi lè li tap di Allahou Akbar poul fè Woukou, ak lè li te leve tèt li sot nan Woukou a, li te leve 2 men li menm jan an tou, epi li te di: «Allah tande moun kap fè lwanj pou Li a, O Senyè nou, epi se pou Ou tout lwanj yo ye», epi li pat konn fè sa lè lap fè Soujoud.

أَنَّ رَسُولَ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ كَانَ يَرْفَعُ يَدَيْهِ حَذْوَ مَنْكِبَيْهِ إِذَا افْتَتَحَ الصَّلَاةَ، وَإِذَا كَبَّرَ لِلرُّكُوعِ، وَإِذَا رَفَعَ رَأْسَهُ مِنَ الرُّكُوعِ، رَفَعَهُمَا كَذَلِكَ أَيْضًا، وَقَالَ: «سَمِعَ اللَّهُ لِمَنْ حَمِدَهُ، رَبَّنَا وَلَكَ الحَمْدُ»، وَكَانَ لاَ يَفْعَلُ ذَلِكَ فِي السُّجُودِ.

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn leve 2 men li nan pozisyon nan lapriyè a, rive nan nivo oswa anfas zepòl la, ki se: kote zo zepòl la ak bra a kontre. Premye kote a: lè lap kòmanse lapriyè a nan moman Takbiratoul Ihram nan. Dezyèm nan: Lè li fè Takbir pou 'Ruku' a (lè nou panche a). Twazyèm: lè li leve tèt li soti nan pozisyon 'Ruku' a epi li di: Allah koute sila ki fè lwanj pou li, O Senyè nou, tout louwanj se pou ou. Epi li pa te konn leve 2 men li pandan lap kòmanse fè Soudjoud la, ni pandan lap leve sot ladan li.

Pami benefis Hadith la

Youn nan sajès ki genyen nan leve 2 men yo nan lapriyè, se paske li fè lapriyè a bèl epi se yon fason pou montre grandè ak respè pou Allah Toupwisan an.

Gen prèv ki montre Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn leve 2 men li nan yon katriyèm pozisyon, jan sa parèt nan adit Abou Houmayd As-Sa'idi a ki rapòte pa Abou Dawoud ak lòt yo, ki se lè li leve kanpe sot nan premye Tachahoud la nan lapriyè ki gen 3 sik (Raka) ak sa ki gen 4 sik yo.

Li konfime tou 2 li menm (lapè ak benediksyon Allah sou li) ke li leve 2 men li rive nan nivo zòrèy li yo san li pa manyen yo, jan sa parèt nan resi Malik bin Al-Huwayrith la nan 2 Sahih yo: «Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li), lè li tap di 'Takbir' la, li te konn leve 2 men li jiskaske yo rive nan nivo zòrèy li yo».

Di tou 2 ansanm: «Allah koute sila ki fè lwanj pou li» ak «O Senyè nou, tout louwanj se pou ou» se sèlman pou imam nan ak moun kap priye poukont li a. Kanta pou moun kap swiv imam nan, li di: «O Senyè nou, tout louwanj se pou ou».

Lè yon moun ap di «Rabbana wa lakal-hamd» aprè li fin leve nan enklinezon an (Roukou'), li konfime sou Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) genyen 4 fason diferan pou dil, epi sa a se youn ladan yo; pi bon bagay la se pou yon moun varye fason sa yo, li di fòmil sa a yon fwa, epi yon lòt fwa li di yon lòt.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 148) (735).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 292) (390).

Plis (6)

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (1/ 122).

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص151).

تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.

لابن عثيمين (2/ 192).