Skip to content

Nenpòt moun ki gen 4 bagay sa yo, li se yon ipokrit total. Epi nenpòt moun ki gen youn nan yo, li gen yon pati nan ipokrizi jiskaske li abandone l: 1-Lèl pale, li bay manti; 2- lè l fè yon kontra, li trayi l; 3- lè l fè yon pwomès, li pa kenbe l; 4- Epi lèl nan yon diskisyon, li depase limit (li malonèt).

Daprè Abdoullah ibn Amr (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Gen 4 defo, si yon moun genyen yo tout nèt, li se yon ipokrit san melanj. Si li gen yonn ladan yo, li gen yon mak ipokrizi nan li jouk li chanje sa. Men yo: Lè lap pale, li bay manti. Lèl fè yon pwomès (yon kontra), li pa kenbe l. Lèl pwomèt, li pa kenbel. Lèl nan diskisyon (nan kont), li derespektan epi li aji mal nèt».

«أَرْبَعٌ مَنْ كُنَّ فِيهِ كَانَ مُنَافِقًا خَالِصًا، وَمَنْ كَانَتْ فِيهِ خَلَّةٌ مِنْهُنَّ كَانَتْ فِيهِ خَلَّةٌ مِنْ نِفَاقٍ حَتَّى يَدَعَهَا: إِذَا حَدَّثَ كَذَبَ، وَإِذَا عَاهَدَ غَدَرَ، وَإِذَا وَعَدَ أَخْلَفَ، وَإِذَا خَاصَمَ فَجَرَ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) te avèti kont 4 defo. Si yon mizilman genyen yo tout nèt, li sanble anpil ak ipokrit yo akoz defo sa yo. Epi sa se pou moun defo sa yo dominel. Kanta pou moun sa rive raman an, li pa ladan l. Men yo: Premye a: lè lap pale, li fè esprè li bay manti epi li pa di laverite nan pawòl li. Dezyèm lan: lè li pran yon angajman li pa kenbe li, epi li trayi konpayon li. Twazyèm nan: lè li fè yon pwomès, li pa kenbe li epi li pa respekte li. Katriyèmman: Lèl nan yon diskisyon oswa nan yon batay ak yon moun, li diskite avèk vyolans, li vire do bay verite a, li sèvi ak riz poul rejte ak anile verite a, epi li di sa ki fo ak sa ki manti. Paske ipokrizi (An-Nifaq) se lè yon moun montre sa ki kontrè ak sa li kache anndan li, epi sans sa a egziste lakay moun ki posede kalite sa yo. Epi ipokrizi li a manifeste anrapò ak moun yo: lèl pale avèk yo, lèl pwomèt yo, lè yo fèl konfyans, lèl nan diskisyon avèk yo, epi lèl fè alyans avèk yo. Sa pa vle di ke li se yon ipokrit nan relijyon Islam nan kote lap montrel sou Islam alòske li kache mekrèyans. Epi nenpòt moun ki gen youn pami kalite sa yo lakay li; li genyen yon karakteristik ipokrizi nan li jiskaske li kite sa.

Pami benefis Hadith la

Eksplike kèk siy ipokrit la pou fè moun yo pè epi avèti yo pou yo pa tonbe ladan yo.

Sa Hadith la vle di se: ke karakteristik sa yo se karakteristik ipokrizi, epi moun ki genyen yo sanble ak ipokrit yo nan karakteristik sa yo, epi li adopte menm konpòtman ak yo. Sa pa vle di li se yon ipokrit ki fè konprann li fè pati Lislam, men nan fon kèl li kache mekreyans (kufr). Epi yo di sa konsène moun ki kite karakteristik sa yo dominel, ki pran yo alalejè, epi ki pa ba yo enpòtans; paske moun ki konsa a, byen souvan li gen yon kwayans ki kòwonpi.

Al-Ghazali te di: "Fondasyon relijyon an limite nan 3 bagay: pawòl, aksyon, ak entansyon. Konsa, li te atire atansyon sou koripsyon pawòl la atravè manti, koripsyon aksyon an atravè trayizon (nan kontra), ak koripsyon entansyon an atravè vyolasyon pwomès (kase pwomès). Sa a se paske kase pwomès pa yon bagay ki montre ipokrizi sof si, depi lèw tap fè pwomès la, ou te deja deside pa respekte li. Men, si ou te deside respektel epi aprèsa yon anpechman rive oswa lidew chanje, nan ka sa a, pa gen okenn tras ipokrizi nan sa."

Ipokrizi gen 2 kalite: ipokrizi nan kwayans (Nifaq I'tiqadi) ki retire moun nan nan lafwa, se lè yon moun fè semblan li nan Islam devan tout moun epi li kache mekreyans nan fon kè li; epi ipokrizi nan aksyon (Nifaq 'Amali), se sanble ak ipokrit yo nan konpòtman yo, epi sa pa retire moun nan nan lafwa, men li se yon gwo peche pami gwo peche yo.

Ibn Hajar te di: "Savan yo fè yon konsansis (yo tout dakò) sou lefèt ke yon moun ki kwè ak kèl epi ak lang li, men ki fè karakteristik sa yo (ki mansyone nan hadith la), yo pa jijel kòm yon enkredil (kafir), epi li pa yon ipokrit ki pral rete nan dife lanfè pou toutan."

An-Nawawi te di: "Yon gwoup savan te di: Sa ki vize nan hadith la se ipokrit yo ki te viv nan epòk Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li). Yo te pale pou di yo kwè, men yo tap bay manti. Yo te resevwa konfyans sou relijyon an, men yo te trayi li. Yo te fè pwomès sou koze relijyon an ak sou ede li, men yo pat kenbe pwomès yo, e yo te depase limit (malonèt) nan diskisyon yo."

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 16) (34).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 78) (58).

Plis (3)

المفهم لما أشكل من تلخيص كتاب مسلم (1/ 250).

بهجة قلوب الأبرار (ص 26).

البحر المحيط الثجاج (2/370).